Senyè a di ankò: - Moun Efrayim yo ble mwen anba manti. Wi, ras moun Izrayèl sa yo, yo vlope mwen ak bèl pawòl. Men moun Jida yo kenbe avèk mwen toujou, yo kenbe fèm ak Bondye ki apa a.
Senyè a gen yon kont pou l regle ak moun Jida yo tou. Li pral pini moun Jakòb yo dapre ajisman yo. Li pral fè yo peye sa yo fè a.
Depi nan vant manman l, Jakòb, zansèt yo, t'ap goumen ak Ezayi, frè jimo li a. Lè li vin gran li goumen ak Bondye. Li mare batay ak yon zanj Bondye, epi li genyen. Lè sa a, Jakòb kriye, li mande pou zanj lan beni l. Li kontre ak Bondye Betèl, Bondye pale avè l. Se te Senyè ki gen tout pouvwa a. Senyè, se konsa yo rele li. Konsa, nou menm pitit pitit Jakòb yo, tounen vin jwenn Bondye nou. Pa janm sispann renmen l. Fè sa ki dwat devan je li. Pran pasyans! Toujou konte sou Bondye.
Senyè a di ankò:
— Moun Izrayèl yo tankou moun Kanaran yo. Y'ap sèvi avèk fo mamit. Yo renmen fè mache nwa. Y'ap plede di: Nou fin rich. Nou fè yon bèl kòb. Men, nou travay di tou. Pèsonn pa ka di nou te fè okenn bagay mal pou n gen tout lajan sa a! Men, mwen menm, se Senyè a, Bondye nou an mwen ye. Se mwen ki te mennen nou depi lè nou te moute kite peyi Lejip la. M'a pral fè nou rete anba tant twal ankò, jan nou te konn fè l lè mwen te vin jwenn nou nan dezè a.
Mwen te pale ak pwofèt yo. Se mwen ki fè yo fè anpil vizyon. Mwen fè yo bay pèp la anpil avètisman pou mwen. Pèp la ap adore zidòl lavil Galarad. Men, sa p'ap sèvi yo anyen. Y'ap ofri towo bèf lavil Gilgal. Men, lotèl yo ap tounen pil wòch nan jaden y'ap pare.
Jakòb, zansèt nou an, te blije al kache nan peyi Aram. Lè l te la, li te travay pou moun pou l te ka jwenn yon fanm pou l marye. Wi, li te fè metye gadò mouton pou l te ka jwenn yon fanm. Senyè a voye yon pwofèt pou fè pèp Izrayèl la sòti kite peyi Lejip. Li fè menm pwofèt la pran swen yo. Men, pèp Efrayim lan te fè bagay ki te fè Senyè a fache anpil. Se poutèt sa, l'ap fè yo peye krim yo fè a. L'ap fè yo peye wont yo te fè l wont la.