Men mesay Bondye te bay pwofèt Abakik nan yon vizyon. Senyè! Konbe tan ankò pou m pase ap rele ou, ap mande ou sekou anvan pou ou tande m? Konbe tan ankò pou m pase ap rele nan zòrèy ou anvan pou ou vin delivre nou anba moun k'ap maltrete nou yo? Poukisa w'ap fè m' wè tout mechanste sa yo? Kijan ou ka fè rete ap gade tout lenjistis sa yo konsa! Se piyay ak mechanste ase ki devan je m'! Toupatou se goumen, se kont. Lalwa a la, li pa sèvi anyen. Ou pa ka jwenn jistis. Mechan ap kraze moun k'ap mache dwat. Lajistis devan dèyè. Senyè a pale ak pèp li a, li di: — Voye je nou gade nasyon ki bò kote nou yo. Nou pral sezi, nou pral tranble. Mwen pral fè yon bagay devan je nou. Si se moun ki vin di nou sa, nou p'ap vle kwè.
Li Abakik 1
Koute Abakik 1
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Abakik 1:1-5
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo