Jenèz 5

5
Pitit pitit Adan yo
(1 Kwonik 1.1-4)
1Men #Jen 1.26,27; 1 Kwo 1.1; Lik 3.23-38 lis non pitit pitit Adan yo: Lè Bondye kreye moun, li te fè yo pòtre avè l. 2Li kreye yo gason ak fi. Li beni yo. Jou li kreye yo a, li rele yo moun. 3Adan te gen santrantan (130 an) lè li vin gen yon pitit gason ki te sanble avè l tèt koupe, li rele l Sèt. 4Apre nesans Sèt, Adan viv wisanzan (800 an) ankò. Li te vin gen lòt pitit gason ak lòt pitit fi ankò. 5#Jen 3.19 Adan mouri li te gen nèfsantrantan (930 an).
6Sèt te gen sansenkan (105 an) lè li vin gen yon pitit gason yo te rele Enòch. 7Apre nesans Enòch, Sèt viv witsansetan (807 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. 8Lè Sèt mouri, li te gen nèfsandouzan (912 an).
9Enòch te gen katrevenndizan lè li vin gen yon pitit gason yo rele Kenan. 10Apre nesans Kenan, Enòch viv witsankenzan (815 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. 11Lè Enòch mouri, li te gen nèfsansenkan (905 an).
12Kenan te gen swasanndizan lè li vin gen yon pitit gason yo rele Malaleyèl. 13Apre nesans Malaleyèl, Kenan viv witsankarantan (840 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. 14Lè Kenan mouri, li te gen nèfsandizan (910 an).
15Malaleyèl te gen swasannsenkan lè li vin gen yon pitit gason yo rele Jerèd. 16Apre nesans Jerèd, Malaleyèl viv witsantrantan (830 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. 17Lè Malaleyèl mouri, li te gen witsankatrevennkenzan (895 an).
18Jerèd #Jid 14 te gen sanswasanndezan (162 an) lè li vin gen yon pitit gason yo rele Enòk. 19Apre nesans Enòk, Jerèd viv witsanzan (800 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. 20Lè Jerèd mouri, li te gen nèfsanswasanndezan (962 an).
21Enòk te gen swasannsenkan lè li vin gen yon pitit gason yo rele Metouchela. 22Apre #Jen 6.9; 17.1; 2 Wa 20.3; Mi 6.8; Mal 2.6 nesans Metouchela, Enòk te mache byen ak Bondye pandan twasanzan (300 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. 23-24Enòk #2 Wa 2.11; Eb 11.5 te pase tout vi l ap mache byen ak Bondye. Li te gen twasanswasannsenkan (365 an) lè l disparèt, paske Bondye te pran l avè l.
25Metouchela te gen sankatrevennsètan (187 an) lè li vin gen yon pitit gason yo rele Lemèk. 26Apre nesans Lemèk, Metouchela viv sètsankatrevenndezan (782 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. 27Lè Metouchela mouri, li te gen nèfsanswanntnèvan (969 an).
28Lemèk te gen sankatrevenndezan (182 an) lè li vin gen yon pitit #Jen 3.17 gason. 29Li rele l Noye. #5.29: Noye: Nan lang ebre a mo sa a sonnen tankou yon lòt mo ki vle di Soulajman. Li di konsa:
— Pitit sa a va soulaje nou anba tout travay di n'ap fè, anba gwo travay nou blije fè avèk men nou paske Senyè a te madichonnen tè a.
30Apre nesans Noye, Lemèk viv senksankatrevennkenzan. (595 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. 31Lè Lemèk mouri, li te gen sètsanswasanndisetan (777 an).
32Noye te gen senksanzan (500 an) lè li vin gen twa pitit gason: Sèm, Kam ak Jafè.

Chwazi Kounye ya:

Jenèz 5: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an