Men lis non pitit pitit Adan yo: Lè Bondye kreye moun, li te fè yo pòtre avè l. Li kreye yo gason ak fi. Li beni yo. Jou li kreye yo a, li rele yo moun. Adan te gen santrantan (130 an) lè li vin gen yon pitit gason ki te sanble avè l tèt koupe, li rele l Sèt. Apre nesans Sèt, Adan viv wisanzan (800 an) ankò. Li te vin gen lòt pitit gason ak lòt pitit fi ankò. Lè Adan mouri li te gen nèfsantrantan (930 an). Sèt te gen sansenkan (105 an) lè li vin gen yon pitit gason yo te rele Enòch. Apre nesans Enòch, Sèt viv witsansetan (807 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. Lè Sèt mouri, li te gen nèfsandouzan (912 an). Enòch te gen katrevenndizan lè li vin gen yon pitit gason yo rele Kenan. Apre nesans Kenan, Enòch viv witsankenzan (815 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. Lè Enòch mouri, li te gen nèfsansenkan (905 an). Kenan te gen swasanndizan lè li vin gen yon pitit gason yo rele Malaleyèl. Apre nesans Malaleyèl, Kenan viv witsankarantan (840 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. Lè Kenan mouri, li te gen nèfsandizan (910 an). Malaleyèl te gen swasannsenkan lè li vin gen yon pitit gason yo rele Jerèd. Apre nesans Jerèd, Malaleyèl viv witsantrantan (830 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. Lè Malaleyèl mouri, li te gen witsankatrevennkenzan (895 an). Jerèd te gen sanswasanndezan (162 an) lè li vin gen yon pitit gason yo rele Enòk. Apre nesans Enòk, Jerèd viv witsanzan (800 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. Lè Jerèd mouri, li te gen nèfsanswasanndezan (962 an). Enòk te gen swasannsenkan lè li vin gen yon pitit gason yo rele Metouchela. Apre nesans Metouchela, Enòk te mache byen ak Bondye pandan twasanzan (300 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. Enòk te pase tout vi l ap mache byen ak Bondye. Li te gen twasanswasannsenkan (365 an) lè l disparèt, paske Bondye te pran l avè l. Metouchela te gen sankatrevennsètan (187 an) lè li vin gen yon pitit gason yo rele Lemèk. Apre nesans Lemèk, Metouchela viv sètsankatrevenndezan (782 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. Lè Metouchela mouri, li te gen nèfsanswanntnèvan (969 an). Lemèk te gen sankatrevenndezan (182 an) lè li vin gen yon pitit gason. Li rele l Noye. Li di konsa: — Pitit sa a va soulaje nou anba tout travay di n'ap fè, anba gwo travay nou blije fè avèk men nou paske Senyè a te madichonnen tè a. Apre nesans Noye, Lemèk viv senksankatrevennkenzan. (595 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi. Lè Lemèk mouri, li te gen sètsanswasanndisetan (777 an). Noye te gen senksanzan (500 an) lè li vin gen twa pitit gason: Sèm, Kam ak Jafè.
Li Jenèz 5
Koute Jenèz 5
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jenèz 5:1-32
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo