Apre sa, farawon an di Jozèf: — Gade, m'ap mete ou chèf pou gouvènen tout peyi Lejip la. Li wete gwo bag ki te nan dwèt li a, li mete l nan dwèt Jozèf. Li abiye l ak yon rechanj fèt ak bèl twal fen. Li pase yon chenn an lò nan kou l. Li fè li moute sou yon cha. Se te pi bèl cha nan tout peyi a, apre cha wa a. Li bay gaddonè ki t'ap mache devan Jozèf yo lòd pou yo rele byen fò: Bravo! Se konsa farawon an te mete Jozèf chèf sou tout peyi Lejip la. Farawon an di Jozèf: — Se mwen menm farawon an k'ap pale avèk ou. Pèsonn pa gendwa fè anyen ni al okenn kote nan peyi Lejip san pèmisyon ou. Farawon an rele Jozèf Safna-Paneak. Li pran Asnat, pitit fi Potifera, yon prèt lavil On, li bay Jozèf li pou madanm. Jozèf al vizite tout peyi Lejip la. Jozèf te gen trantan lè li te konmanse sèvi farawon an, wa peyi Lejip la. Li pati, li vwayaje toupatou nan peyi Lejip la. Pandan sèt bon lanne yo, tè a te bay anpil anpil rekòt. Jozèf ranmase pwovizyon pandan sèt lanne bon rekòt yo nan tout peyi a, li mete yo nan depo nan lavil yo. Chak lavil te gen kont depo pou sere tou sa jaden alantou yo te bay. Li ranmase ble, li ranmase ble tankou ou ta di sab bò lanmè. Sitèlman te gen anpil ble, yo pat ka konnen kantite ki te genyen. Anvan lanne grangou yo mete pye, Jozèf te gentan gen de pitit ak Asnat, pitit fi Potifera, prèt lavil On an. Jozèf rele premye a Manase paske li t'ap di nan kè l: Bondye fè m bliye tout soufrans mwen ansanm ak moun lakay papa m yo. Li rele dezyèm lan Efrayim paske li t'ap di nan kè l: Bondye fè m fè pitit nan peyi kote m'ap soufri a. Sèt bon lanne rekòt yo te fin pase nan peyi Lejip la. Sèt lanne grangou yo te konmanse jan Jozèf te di a. Grangou t'ap bat nan tout lòt peyi yo tou, men te gen manje toujou nan tout peyi Lejip la. Men, yon lè grangou konmanse mete pye nan peyi Lejip la tou. Pèp la menm pran rele nan zòrèy farawon an, y'ap mande manje. Farawon an di moun peyi Lejip yo: — Al jwenn Jozèf. Se li menm ki va di nou sa pou nou fè. Lè grangou a te toupatou nan peyi Lejip la, Jozèf louvri tout depo yo. Li vann moun peyi Lejip yo ble, paske grangou a te rèd anpil nan peyi Lejip la. Moun sòti toupatou nan tout lòt peyi yo vin achte ble nan men Jozèf nan peyi Lejip, paske grangou a te rèd anpil toupatou sou latè.
Li Jenèz 41
Koute Jenèz 41
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jenèz 41:41-57
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo