Pandan rekòt ble a, Riben soti al nan jaden, li jwenn kèk pye ponmdamou. Li rache rasin yo pote bay Leya, manman li. Rachèl di Leya konsa: — Tanpri, bann m' kèk rasin ponmdamou nan sa pitit ou pote pou ou yo. Leya reponn li: — Atò, ou pa fè mwen ase! Ou fin pran mari mwen, epi koulyeya, ou soti pou pran ponmdamou pitit gason mwen an tou! Rachèl di li: — Enben, Jakòb va kouche avèk ou aswè a pou ponmdamou pitit gason ou lan. Nan aswè, lè Jakòb ap parèt sot nan jaden, Leya soti al kontre li, li di li: — Se pou vin kouche ak mwen aswè a wi, paske mwen bay ponmdamou pitit gason mwen an pou sa. Se konsa, jou swa sa a, Jakòb kouche ak Leya vre. Bondye reponn lapriyè Leya a. Li vin ansent, epi li fè yon senkyèm pitit gason pou Jakòb. Leya di: — Bondye ban m sa m merite a, paske mwen te bay mari m sèvant mwen an pou madanm. Se konsa, Leya rele pitit gason an Isaka. Leya vin ansent ankò, li fè yon sizyèm pitit gason pou Jakòb. Leya di: — Bondye fè m yon bèl kado. Fwa sa a, mari m pral pou mwen nèt, paske mwen fè sis pitit gason pou li. Se konsa li rele pitit la Zabilon. Apre sa, li fè yon pitit fi. Li rele l Dina.
Li Jenèz 30
Koute Jenèz 30
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jenèz 30:14-21
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo