Lè Rachèl wè li pat kapab fè pitit pou Jakòb, li vin gen yon sèl jalouzi kont sè li a, li di Jakòb: — Fè m fè pitit! Si se pa sa m'ap mouri sou kont ou! Jakòb fè kòlè sou Rachèl, li di li: — Eske se mwen ki Bondye? Se li menm ki anpeche ou fè pitit. Rachèl di li: — Bon. Men Bila, sèvant mwen an. Kouche avè l. L'a fè yon pitit pou mwen. Konsa, gremesi Bila, m'a gen pitit tou. Se konsa, Rachèl te pran sèvant li a, li bay Jakòb pou madanm. Jakòb kouche ak Bila. Bila vin ansent, li fè yon ti gason pou Jakòb. Lè sa a, Rachèl di: — Senyè a rann mwen jistis. Li tande vwa mwen. Li ban m yon gason. Se poutèt sa Rachèl te rele pitit la Dann. Apre sa, Bila, sèvant Rachèl la, vin ansent ankò, li fè yon dezyèm gason pou Jakòb. Rachèl di: — Mwen mennen yon gwo batay kont sè mwen devan Bondye. Men se mwen ki genyen. Se konsa li rele pitit la Neftali. Lè Leya wè li te sispann fè pitit, li pran Zilpa, sèvant li a, bay Jakòb pou madanm tou. Zilpa, sèvant Leya a, fè yon ti gason pou Jakòb. Leya di: — Ala fanm gen chans se mwen menm! Se konsa li rele pitit la Gad. Zilpa, sèvant Leya a, fè yon dezyèm pitit gason pou Jakòb. Leya di konsa: — Ala benediksyon mwen jwenn! Kounyeya medam yo pral di jan mwen se yon fanm ki beni. Se konsa li rele pitit la Asè.
Li Jenèz 30
Koute Jenèz 30
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jenèz 30:1-13
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo