Jenèz 20:1-18

Jenèz 20:1-18 HAT98

Abraram kite Manmre, li desann nan sid peyi a. Li rete ant Kadès ak Chour kote li moute kay li. Pandan tout tan li t'ap viv nan peyi Gera a, li t'ap di se sè li Sara ye. Se konsa, Abimelèk, wa peyi Gera, fè yo fè fòs sou Sara mennen li ba li. Men pandan lannwit lan, Abimelèk fè yon rèv. Li wè Bondye parèt devan li. Bondye di li: — Gade non monchè! Ou pral mouri tande, poutèt fanm lan ou fè yo fè fòs sou li mennen li ba ou a. Men, Abimelèk pat gentan kouche avè Sara. Li di: — Mèt, eske w'ap kite yon pèp inonsan peri? Se Abraram ki di m se sè li Sara ye. Sara pou tèt pa l di m se frè li Abraram ye. Mwen fè sa m fè a san okenn move lide. Mwen konnen mwen pa fè anyen ki mal. Bondye reponn li nan rèv la: — Wi. Mwen konnen ou fè sa ou fè a san okenn move lide dèyè tèt ou. Se poutèt sa mwen pa kite ou fè peche sa a kont mwen. Mwen pa kite ou fè madanm lan anyen. Men sa pou ou fè: renmèt nonm lan madanm li. Se yon pwofèt Bondye li ye. L'a lapriyè pou ou pou ou pa mouri. Men, si ou pa renmèt li, mwen tou di ou nou pral mouri, ou menm ansanm ak tout fanmi ou. Nan maten, bonè bonè, Abimelèk rele tout domestik li yo, li rakonte yo tout bagay. Yo tout yo te pè anpil. Lèfini, Abimelèk rele Abraram, li di l: — Kisa ou fè nou konsa? Kisa m fè ou pou ou ta lakòz yon gwo malè konsa tonbe sou mwen ak sou peyi a? Sa ou fè nou la a, se bagay moun pa gendwa fè. Abimelèk di Abraram ankò: — Poukisa ou fè sa ou fè a? Abraram reponn li: — Mwen te di nan kè m': Pa gen moun bò isit la ki gen krentif pou Bondye. Mwen te kwè yo ta ka touye m' poutèt madanm mwen. Men, se vre wi, se sè m li ye. Nou menm papa, men nou pa menm manman. Epi se madanm mwen li ye tou. Se konsa, lè Bondye fè m kite lakay papa m pou m al nan peyi etranje yo, mwen di Sara: m'ap mande ou pou rann mwen yon sèvis? Si ou renmen m vre, tanpri, kote ou pase, se pou di se frè ou mwen ye. Lè sa a, Abimelèk renmèt Sara bay Abraram. Anmenmtan li ba li mouton, bèf ak domestik, fanm kou gason, pou sèvi l. Li di Abraram: — Gade! Tout peyi m lan devan ou. Rete kote ki fè ou plezi. Epi li di Sara: — Mwen bay frè ou la mil (1.000) pyès lajan. Se pou sa ka fè moun ki la avè ou yo bliye sa k te rive ou. Konsa, tout moun va konnen ou pat fè anyen ki mal. Poutèt sa ki te rive Sara, madanm Abraram lan, Senyè a te fè tout fanm lakay Abimelèk pat kapab fè pitit. Abraram lapriyè pou Abimelèk, epi Bondye geri li. Bondye geri madanm li tou ansanm ak medam k'ap travay lakay li pou yo te kapab fè pitit ankò.