Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

Jenèz 11:1-9

Jenèz 11:1-9 HAT98

Nan konmansman, tout moun sou latè te pale yon sèl lang, yonn te konprann lòt. Apre yo pati sòti kote solèy leve a, yo rive nan yon plenn nan peyi Chinea. Yo moute kay yo la, yo rete. Lè sa a, yonn di lòt: — Mezanmi, vini non! Ann fè brik. Ann kwit yo nan dife. Se konsa, yo pran brik sèvi wòch pou bati kay, yo pran asfat sèvi mòtye. Apre sa, yo di: — Annou wè! Ann bati yon gwo lavil pou nou rete ak yon gwo gwo kay tou won byen wo ki rive jouk nan syèl la. Konsa tout moun va respekte nou, yo p'ap ka gaye nou toupatou sou latè. Senyè a desann pou l wè lavil la ansanm ak gwo kay won moun yo t'ap bati a. Epi li di: — Kounyeya, gade! Yo tout fè yon sèl pèp. Yo tout yo pale yon sèl lang. Gade sa yo konmanse ap fè. Talè konsa y'ap pare pou yo fè sa yo vle. Bon. N'ap desann, n'ap mele lang yo. Konsa, yonn p'ap ka konprann sa lòt ap di. Se konsa Senyè a gaye yo toupatou sou late. Yo sispann bati lavil la. Se poutèt sa yo rele lavil la Babèl, paske se la Senyè a te mele lang tout moun ki rete sou latè, li fè yo pati, li gaye yo toupatou sou latè.

Li Jenèz 11

Koute Jenèz 11

Telechaje Ap Bib la kounyaBible AppTelechaje Aplikasyon Bib pou timoun yoBible App for Kids

Konpare tout Vèsyon yo: Jenèz 11:1-9

waves

Pran aplikasyon Bib YouVersion la

Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!

Telechaje App laTelechaje App la
Telechaje App la
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo