Gade gwosè fòm lèt yo, se nou ak pwòp men m', mwen ekri nou! Moun nou wè ki vle fè nou sikonsi yo, se moun k'ap chache pase pou bon nan je lèzòm. Y'ap fè sa paske yo pa vle pou moun pèsekite yo akòz kwa Kris la. Paske yo menm ki sikonsi, yo pa fè tou sa lalwa mande. Men, yo vle nou sikonsi pou yo ka fè grandizè pou jan yo te fè nou asepte mak sa a nan kò nou. Pou mwen menm, mwen p'ap vante tèt mwen pou lòt bagay pase pou kwa Kris la. Paske, gremesi kwa sa a, mwen mouri pou lemonn, lemonn mouri pou mwen. Kit ou sikonsi, kit ou pa sikonsi, se pa sa ki konte. Sa ki konte, se pou nou chanje, se pou nou tounen yon lòt moun. Pou tout moun k'ap swiv prensip sa a nan lavi yo, mwen mande Bondye pou l ba yo kè poze, pou l gen pitye pou yo, wi, pou yo tout ansanm ak tout pèp Bondye a. Apre sa, piga pèsonn ban m traka ankò. Paske, mak m'ap pote nan kò mwen moutre se esklav Jezikri mwen ye. Frè m yo, se pou benediksyon Jezikri, Senyè nou an, toujou la ak nou tout. Amèn.
Li Galat 6
Koute Galat 6
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Galat 6:11-18
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo