Galat 6:11-18
Galat 6:11-18 1998 Haïtienne (HAT98)
Gade gwosè fòm lèt yo, se nou ak pwòp men m', mwen ekri nou! Moun nou wè ki vle fè nou sikonsi yo, se moun k'ap chache pase pou bon nan je lèzòm. Y'ap fè sa paske yo pa vle pou moun pèsekite yo akòz kwa Kris la. Paske yo menm ki sikonsi, yo pa fè tou sa lalwa mande. Men, yo vle nou sikonsi pou yo ka fè grandizè pou jan yo te fè nou asepte mak sa a nan kò nou. Pou mwen menm, mwen p'ap vante tèt mwen pou lòt bagay pase pou kwa Kris la. Paske, gremesi kwa sa a, mwen mouri pou lemonn, lemonn mouri pou mwen. Kit ou sikonsi, kit ou pa sikonsi, se pa sa ki konte. Sa ki konte, se pou nou chanje, se pou nou tounen yon lòt moun. Pou tout moun k'ap swiv prensip sa a nan lavi yo, mwen mande Bondye pou l ba yo kè poze, pou l gen pitye pou yo, wi, pou yo tout ansanm ak tout pèp Bondye a. Apre sa, piga pèsonn ban m traka ankò. Paske, mak m'ap pote nan kò mwen moutre se esklav Jezikri mwen ye. Frè m yo, se pou benediksyon Jezikri, Senyè nou an, toujou la ak nou tout. Amèn.
Galat 6:11-18 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Regardez ces grosses lettres : je vous écris de ma main ! Ceux qui vous obligent à être circoncis, ces gens-là veulent se faire bien voir pour des raisons humaines. Leur seul but est d’éviter de souffrir à cause de la croix du Christ. Ces hommes qui se font circoncire n’obéissent pas à la loi ! Et pourtant, ils veulent que vous soyez circoncis pour se vanter de votre circoncision. Moi, je veux me vanter d’une seule chose : c’est de la croix de notre Seigneur Jésus-Christ. Par la croix, le monde est mort pour moi, et moi aussi, je suis mort pour le monde. Être circoncis ou ne pas être circoncis, cela n’a pas d’importance ! Ce qui compte, c’est que Dieu nous crée à nouveau. Pour ceux qui obéissent à mon enseignement, je dis : que la paix et la bonté de Dieu soient sur eux, et sur le peuple de Dieu tout entier ! Maintenant, personne ne doit plus me faire de difficultés ! En effet, je porte sur mon corps la marque des souffrances de Jésus. Frères et sœurs, que notre Seigneur Jésus-Christ vous bénisse ! Amen.
Galat 6:11-18 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Kounye a m ap ekri nou ak pwòp men m. Gade gwosè lèt yo. Moun sa yo k ap fòse nou pou n fè sikonsi nou an, se pou moun ka wè yo bon ki fè y ap fè sa. Yo pè pou yo pa pèsekite yo poutèt y ap swiv kwa Kris la sèlman. Alòske menm moun ki sikonsi yo pa rive fè tout sa lalwa a mande. Epi yo vle nou sikonsi pou yo ka fè grandizè poutèt yon ti moso po nou koupe nan kò nou. Si se pou mwen, m p ap janm fè grandizè. Yon sèl bagay ki pou ta fè m fè grandizè se lanmò Kris la sou kwa a. Poutèt lanmò sa a, mwen krisifye pou lemonn, epi lemonn krisifye pou mwen tou. Pou byen di nou, kit yon moun sikonsi, kit li pa sikonsi, se pa sa k gen valè. Sa k konte a, se lè yon moun antre nan nouvo lavi Bondye ap ban nou an. Se pou lapè Bondye desann sou tout moun ki antre nan nouvo lavi a. Epi se pou Bondye gen konpasyon pou pèp li a, Izrayèl. Pou fin i, mwen mande pou pèsonn pa banm plis tèt chaje ankò. Paske mwen pote mak nan kò m, mak ki montre mwen soufri pou Jezikris. Frè m ak sè m yo, Se pou gras Senyè nou an, Jezikris, rete avèk nou. Amèn.
Galat 6:11-18 New International Version (NIV)
See what large letters I use as I write to you with my own hand! Those who want to impress people by means of the flesh are trying to compel you to be circumcised. The only reason they do this is to avoid being persecuted for the cross of Christ. Not even those who are circumcised keep the law, yet they want you to be circumcised that they may boast about your circumcision in the flesh. May I never boast except in the cross of our Lord Jesus Christ, through which the world has been crucified to me, and I to the world. Neither circumcision nor uncircumcision means anything; what counts is the new creation. Peace and mercy to all who follow this rule—to the Israel of God. From now on, let no one cause me trouble, for I bear on my body the marks of Jesus. The grace of our Lord Jesus Christ be with your spirit, brothers and sisters. Amen.
Galat 6:11-18 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Vous remarquez ces grandes lettres ; c’est bien de ma propre main que je vous écris. Ceux qui vous imposent la circoncision sont des gens qui veulent faire bonne figure devant les hommes. Ils n’ont qu’un seul but : éviter d’être persécutés à cause de la mort de Christ sur la croix. Car ceux qui pratiquent la circoncision, n’observent pas la Loi, eux non plus. S’ils veulent vous faire circoncire, c’est pour pouvoir se vanter de vous avoir imposé cette marque dans votre corps. En ce qui me concerne, je ne veux à aucun prix placer ma fierté ailleurs que dans la mort de notre Seigneur Jésus-Christ sur la croix. Par elle, en effet, le monde dominé par le mal a été crucifié pour moi, de même que moi je l’ai été pour ce monde. Peu importe d’être circoncis ou non. Ce qui compte, c’est la nouvelle création. Que la paix et la compassion de Dieu soient accordées à tous ceux qui suivent cette règle de vie, et à l’Israël de Dieu. Désormais, que personne ne me cause plus de peine, car je porte sur mon corps les cicatrices des blessures que j’ai reçues pour la cause de Jésus. Chers frères et sœurs, que la grâce de notre Seigneur Jésus-Christ soit avec vous tous. Amen.