Men lis chèf fanmi yo ansanm ak non zansèt yo ki te pati ansanm avè m sòti lavil Babilòn pou moute lavil Jerizalèm sou reny wa Atagzèsès:
Se te Gèson, chèf branch fanmi Fineas la, Danyèl, chèf branch fanmi Itama a, Atouch, pitit gason Chekanya a, chèf branch fanmi David la, Zekarya, chèf branch fanmi Pareòch la. Zekarya te gen avè l sansenkant (150) gason yo te konte nan fanmi an.
Elyeyoenayi, pitit gason Seraji a, chèf branch fanmi Pakat-Mowab la. Li te gen avè l desan (200) gason.
Chekanya, pitit gason Jazyèl la, chèf branch fanmi Zatou a. Li te gen avè l twasan (300) gason.
Ebèd, pitit gason Jonatan an, chèf branch fanmi Aden an. Li te gen avè l senkant gason.
Yechaya, pitit gason Atalya a, chèf branch fanmi Elam lan. Li te gen avè l swasanndis gason.
Zebadya, pitit gason Mikayèl la, chèf branch fanmi Chefatya a. Li te gen katreven gason avè l.
Obadya, pitit gason Jeyèl la, chèf branch fanmi Joab la. Li te gen desandizwit (218) gason avè l.
Chelomit, pitit gason Josifya a, chèf branch fanmi Bani an. Li te gen sanswasant (160) gason avè l.
Zakariya, pitit gason Bebayi a, chèf branch fanmi Bebayi a. Li te gen venntwit gason avè l.
Jokanan, pitit gason Akatan an, chèf fanmi Azgad la. Li te gen sandis (110) gason avè l.
Pou branch fanmi Adonikam lan, se te Elifelèt, Jeyèl ak Chemaja. Yo te gen swasant gason avèk yo. Moun sa yo te vin apre.
Outayi, pitit gason Zaboud la, chèf branch fanmi Bigvayi a. Li te gen swasanndis gason avè l.
Mwen sanble tout moun sa yo bò gwo kannal ki mennen dlo nan lavil Aava a. Nou pase twa jou la. Antan nou la, mwen remake nou te gen prèt nan gwoup la, men pat gen moun Levi. Lè sa a, mwen fè chache nèf chèf sa yo: Elyezè, Aryèl, Chemaja, Elnatan, Jarib, Elnatan, Natan, Zakaraya ak Mechoulam ansanm ak dirèktè sa yo: Jojarib ak Elnatan, de moun ki konn esplike lalwa a. Mwen voye yo bò kote Ido, chèf kominote Kasifya a. Mwen esplike yo tou sa pou yo di Ido ak kòlèg li yo ki konn tout travay pou fèt nan Tanp lan, epi ki t'ap viv ansanm nan kominote Kasifya a, pou yo ka fè nou jwenn kèk gason pou travay nan Tanp Bondye nou an. Se konsa, avèk benediksyon Bondye ki te sou nou, yo ban nou Cherebya, yon nonm lespri, ki te sòti nan branch fanmi Makli, yonn nan pitit gason Levi yo ki li menm te pitit Izrayèl. Te gen dizwit nan pitit li yo ak fanmi l yo ki te vini ak li tou. Yo ban nou ankò Achabya ak Jechaya, frè li a, tou de moun branch fanmi Merari. Te gen ven nan pitit gason yo ki te vini ak yo tou. Te gen tou desanven (220) travayè pou Tanp lan. Se wa David ak chèf li yo ki te bay zansèt moun sa yo reskonsabilite pou ede moun Levi yo nan sèvis yo. Yo te pran non tout moun sa yo.