Nan dizyèm jou premye mwa vennsenkyèm lanne depi yo te depòte nou an, ki vle di katòzan, jou pou jou, depi yo te fin kraze lavil Jerizalèm lan, mwen santi pouvwa Senyè a sou mwen. Li pran m, li mennen m ale. Nan yon vizyon, mwen wè li mennen m nan peyi Izrayèl la. Li mete m kanpe sou yon mòn byen wo. Mwen wè devan m sou bò sid la yon bann kay bati ou ta di yon lavil. Li fè m pwoche. Lè sa a, mwen wè yon nonm ki te klere tankou kwiv. Li te kenbe nan men l yon kòdon tou blan ak yon règ pou mezire. Li te kanpe bò yon pòtay. Nonm lan di m konsa:
— Nonm o! Klere je ou gade. Louvri zòrèy ou gran pou ou koute. Mete tèt ou anplas pou ou wè tou sa mwen pral moutre ou la a. Se pou sa menm yo mennen ou isit la. Paske, ou gen pou ou fè moun pèp Izrayèl yo konnen tou sa ou pral wè.
Sa m te wè a se te Tanp lan. Te gen yon gwo miray ki te fè wonn li nèt. Nonm lan te gen nan men l yon règ pou mezire ki te gen dis pye longè. Li mezire miray la. Miray la te gen dis pye wotè, dis pye lajè. Apre sa, l'ale nan pòtay ki bay sou solèy leve a. Li moute mach eskalye yo. Lè li rive anwo, li mezire papòt pòtay la. Li jwenn dis pye fondè. Apre pòtay la, te gen yon gwo koridò avèk sis chanm pou gad yo, twa chak bò. Chak chanm yo te kare kare, dis pye lajè, dis pye longè. Miray ki te separe chanm yo te gen wit pye lajè. Apre chanm yo, koridò a lonje sou dis pye ankò, li te mennen nan yon gwo pyès ki te bay sou Tanp lan. Li mezire gwo pyès chanm sa a. Li jwenn li te gen katòz pye longè. Chanm sa a te nan bout koridò a ki te pi pre Tanp lan. Miray la te gen kat pye lajè nan bout sa a. Te gen twa chanm gad chak bò koridò ki bay sou solèy leve a. Tout chanm yo te menm fòs. Miray ki te separe pyès yo yo yonn ak lòt te gen menm lajè.
Apre sa, nonm lan mezire longè koridò a anba pòtay la. Li jwenn sèz pye. Li mezire lajè koridò a, li jwenn vennde pye. Devan chak chanm gad yo, te gen yon ti mi tou ba ki te gen ven pous wotè, ven pous lajè. Chanm yo menm te kare kare anndan, dis pye longè, dis pye lajè. Lèfini, li mezire distans ant miray dèyè yon chanm ale nan miray dèyè chanm ki anfas li lòt bò koridò a, li jwenn karannde pye. Pòt chanm yo te bay fas pou fas. Gwo chanm ki te nan bout koridò a te louvri sou yon lakou. Li mezire lajè chanm lan, li jwenn trannkat pye. Li mezire longè koridò a, depi miray pòtay la sou deyò rive nan bout dènye gwo chanm lan, li jwenn katrevenkat pye. Te gen fennèt ak griyaj nan mi ki bay sou deyò chak chanm yo, ak nan mi ki separe chanm yo. Yo te fè pòtre pye palmis sou fasad miray separasyon yo ki bay sou koridò a.
Nonm lan fè m pase nan gwo lakou deyò a. Te gen trant chanm yo te bati fè wonn lakou a. Do chanm yo te kole ak gwo miray ki te fèmen lakou a. Tout lakou a te pave nèt depi devan pòt chanm yo. Gwo lakou a te pi ba pase ti lakou anndan an.
Te gen yon pòtay yon ti jan pi wo ki bay sou lakou anndan an. Nonm lan mezire depi sou pòtay deyò a rive nan pòtay anndan an. Li jwenn sanswasanntwit (168) pye.
Lèfini, nonm lan al mezire pòtay kote ou pase antre nan gwo lakou a lè ou sòti sou bò nò. Li pran longè l ak lajè l. Twa chanm gad yo ki sou chak bò koridò a, miray ki separe yo a, ak dènye gwo chanm ki bay sou anndan an, yo tout te gen menm mezi ak sa li te jwenn pou pòtay ki bay sou solèy leve a. Koridò mitan an te gen katrevenkat pye longè sou karannde pye lajè. Dènye gwo chanm lan, fennèt yo, ak pòtre pye palmis te tankou sa li jwenn pou pòtay bò solèy leve a. Te gen sèt macheskalye ki moute devan pòtay nò a. Gwo chanm lan te nan bout koridò a ki bay sou gwo lakou a. Lòt bò gwo lakou a, devan koridò nò a, te gen yon lòt pòtay ki bay sou ti lakou anndan an, menm jan ak sou bò solèy leve a. Nonm lan mezire distans ant de pòtay yo, li jwenn sanswasanntwit pye tou.
Apre sa, nonm lan mennen m sou bò sid la. La tou, mwen wè yon lòt pòtay pou antre nan gwo lakou a. Li mezire l, li te tankou lòt pòtay yo. Te gen fennèt nan chanm gad yo, tankou lòt yo. Koridò pasay la te gen katrevenkat pye longè sou karannde pye lajè. Te gen sèt macheskalye ki moute devan pòtay la sou deyò. Dènye gwo chanm lan te nan bout koridò a ki bay sou gwo lakou a. Te gen pòtre pye palmis sou fasad miray ki bay sou koridò a. Sou bò sid la tou, te gen yon lòt pòtay ki mennen nan ti lakou anndan an. Nonm lan mezire distans ant de pòtay yo, li jwenn sanswasanntwit pye tou.