Ezekyèl 40:1-27
Ezekyèl 40:1-27 1998 Haïtienne (HAT98)
Nan dizyèm jou premye mwa vennsenkyèm lanne depi yo te depòte nou an, ki vle di katòzan, jou pou jou, depi yo te fin kraze lavil Jerizalèm lan, mwen santi pouvwa Senyè a sou mwen. Li pran m, li mennen m ale. Nan yon vizyon, mwen wè li mennen m nan peyi Izrayèl la. Li mete m kanpe sou yon mòn byen wo. Mwen wè devan m sou bò sid la yon bann kay bati ou ta di yon lavil. Li fè m pwoche. Lè sa a, mwen wè yon nonm ki te klere tankou kwiv. Li te kenbe nan men l yon kòdon tou blan ak yon règ pou mezire. Li te kanpe bò yon pòtay. Nonm lan di m konsa: — Nonm o! Klere je ou gade. Louvri zòrèy ou gran pou ou koute. Mete tèt ou anplas pou ou wè tou sa mwen pral moutre ou la a. Se pou sa menm yo mennen ou isit la. Paske, ou gen pou ou fè moun pèp Izrayèl yo konnen tou sa ou pral wè. Sa m te wè a se te Tanp lan. Te gen yon gwo miray ki te fè wonn li nèt. Nonm lan te gen nan men l yon règ pou mezire ki te gen dis pye longè. Li mezire miray la. Miray la te gen dis pye wotè, dis pye lajè. Apre sa, l'ale nan pòtay ki bay sou solèy leve a. Li moute mach eskalye yo. Lè li rive anwo, li mezire papòt pòtay la. Li jwenn dis pye fondè. Apre pòtay la, te gen yon gwo koridò avèk sis chanm pou gad yo, twa chak bò. Chak chanm yo te kare kare, dis pye lajè, dis pye longè. Miray ki te separe chanm yo te gen wit pye lajè. Apre chanm yo, koridò a lonje sou dis pye ankò, li te mennen nan yon gwo pyès ki te bay sou Tanp lan. Li mezire gwo pyès chanm sa a. Li jwenn li te gen katòz pye longè. Chanm sa a te nan bout koridò a ki te pi pre Tanp lan. Miray la te gen kat pye lajè nan bout sa a. Te gen twa chanm gad chak bò koridò ki bay sou solèy leve a. Tout chanm yo te menm fòs. Miray ki te separe pyès yo yo yonn ak lòt te gen menm lajè. Apre sa, nonm lan mezire longè koridò a anba pòtay la. Li jwenn sèz pye. Li mezire lajè koridò a, li jwenn vennde pye. Devan chak chanm gad yo, te gen yon ti mi tou ba ki te gen ven pous wotè, ven pous lajè. Chanm yo menm te kare kare anndan, dis pye longè, dis pye lajè. Lèfini, li mezire distans ant miray dèyè yon chanm ale nan miray dèyè chanm ki anfas li lòt bò koridò a, li jwenn karannde pye. Pòt chanm yo te bay fas pou fas. Gwo chanm ki te nan bout koridò a te louvri sou yon lakou. Li mezire lajè chanm lan, li jwenn trannkat pye. Li mezire longè koridò a, depi miray pòtay la sou deyò rive nan bout dènye gwo chanm lan, li jwenn katrevenkat pye. Te gen fennèt ak griyaj nan mi ki bay sou deyò chak chanm yo, ak nan mi ki separe chanm yo. Yo te fè pòtre pye palmis sou fasad miray separasyon yo ki bay sou koridò a. Nonm lan fè m pase nan gwo lakou deyò a. Te gen trant chanm yo te bati fè wonn lakou a. Do chanm yo te kole ak gwo miray ki te fèmen lakou a. Tout lakou a te pave nèt depi devan pòt chanm yo. Gwo lakou a te pi ba pase ti lakou anndan an. Te gen yon pòtay yon ti jan pi wo ki bay sou lakou anndan an. Nonm lan mezire depi sou pòtay deyò a rive nan pòtay anndan an. Li jwenn sanswasanntwit (168) pye. Lèfini, nonm lan al mezire pòtay kote ou pase antre nan gwo lakou a lè ou sòti sou bò nò. Li pran longè l ak lajè l. Twa chanm gad yo ki sou chak bò koridò a, miray ki separe yo a, ak dènye gwo chanm ki bay sou anndan an, yo tout te gen menm mezi ak sa li te jwenn pou pòtay ki bay sou solèy leve a. Koridò mitan an te gen katrevenkat pye longè sou karannde pye lajè. Dènye gwo chanm lan, fennèt yo, ak pòtre pye palmis te tankou sa li jwenn pou pòtay bò solèy leve a. Te gen sèt macheskalye ki moute devan pòtay nò a. Gwo chanm lan te nan bout koridò a ki bay sou gwo lakou a. Lòt bò gwo lakou a, devan koridò nò a, te gen yon lòt pòtay ki bay sou ti lakou anndan an, menm jan ak sou bò solèy leve a. Nonm lan mezire distans ant de pòtay yo, li jwenn sanswasanntwit pye tou. Apre sa, nonm lan mennen m sou bò sid la. La tou, mwen wè yon lòt pòtay pou antre nan gwo lakou a. Li mezire l, li te tankou lòt pòtay yo. Te gen fennèt nan chanm gad yo, tankou lòt yo. Koridò pasay la te gen katrevenkat pye longè sou karannde pye lajè. Te gen sèt macheskalye ki moute devan pòtay la sou deyò. Dènye gwo chanm lan te nan bout koridò a ki bay sou gwo lakou a. Te gen pòtre pye palmis sou fasad miray ki bay sou koridò a. Sou bò sid la tou, te gen yon lòt pòtay ki mennen nan ti lakou anndan an. Nonm lan mezire distans ant de pòtay yo, li jwenn sanswasanntwit pye tou.
Ezekyèl 40:1-27 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
La vingt-cinquième année après la déportation, au début de l’année, le 10 du mois, 14 ans après la prise de Jérusalem, le même jour exactement, le SEIGNEUR m’a saisi avec puissance et il m’a emmené là-bas. Pendant une vision, Dieu m’a transporté en Israël. Il m’a laissé sur une montagne très haute. Sur son côté sud, il y a un groupe de bâtiments semblables à ceux d’une ville. Il m’a conduit là-bas, et voici ce que j’ai vu : un homme qui ressemble à du bronze se trouve debout près d’une porte. Il tient à la main une corde en lin et un roseau pour mesurer. Il me dit : « Toi, l’homme, ouvre bien tes yeux et tes oreilles. Fais très attention à tout ce que je vais te faire voir. En effet, c’est pour regarder cela qu’on t’a conduit ici. Ensuite, tu raconteras aux Israélites tout ce que tu auras vu. » Voici ce que je vois : un mur extérieur entoure le temple de tous les côtés. L’homme tient à la main son roseau long de 6 mesures. Chaque mesure a un peu plus de 50 centimètres. Avec lui, il mesure le mur. Il a 6 mesures d’épaisseur et 6 mesures de haut. Il va à la porte qui est à l’est du temple. Il monte les marches. Puis il prend la dimension de cet espace : en tout 6 mesures de profondeur. Chaque pièce des gardiens, située le long du passage central de la porte, est un carré de 6 mesures de côté. Les murs qui les séparent sont épais de 5 mesures. Une entrée de 6 mesures de long se trouve avant la salle située en face du temple. L’homme prend aussi la dimension de cette salle intérieure. Elle a 8 mesures de profondeur, et ses murs extérieurs ont 2 mesures d’épaisseur. À l’intérieur de la porte, c’est la salle la plus proche du temple. Les six pièces des gardiens de la porte, située à l’est du temple, ont toutes les mêmes dimensions. Il y en a trois de chaque côté du passage central. Les murs qui les séparent ont tous la même épaisseur. L’homme mesure encore l’espace sur lequel la porte peut s’ouvrir : il a 10 mesures de large. Le passage central a en tout 13 mesures de large. Devant les pièces des gardiens, qui sont des carrés de 6 mesures de côté, il y a une barrière haute d’une demi-mesure. Elle est située de chaque côté du passage. L’homme mesure la distance entre le mur du fond d’une de ces pièces et le mur de la pièce située en face, de l’autre côté du passage : il y a 25 mesures. Il prend aussi la dimension de la salle qui est entourée de tous les côtés par la cour extérieure du temple. Cette salle a 20 mesures de large. Entre l’espace de la porte d’entrée, située dans le mur extérieur, et l’espace de la porte d’entrée de la cour intérieure, il y a 50 mesures. Des fenêtres avec des grillages se trouvent tout autour des bâtiments, sur les murs des pièces de l’entrée, et sur les murs qui séparent ces pièces. Il y en a aussi sur les murs intérieurs de la salle. Et ces murs sont décorés avec des branches de palmier. L’homme me conduit dans la cour extérieure du temple. Cette cour est recouverte de plaques de pierre dure ou dalles. Elle est entourée de 30 salles. Les dalles couvrent le sol autour des différentes portes. Le niveau des salles est plus bas que celui de la cour intérieure. L’homme mesure la distance entre le mur de la porte d’entrée du temple donnant sur la cour extérieure, et le mur de la cour intérieure. Il trouve 100 mesures. Ceci pour le côté est. Puis il passe du côté nord. Il mesure la longueur et la largeur de la porte nord qui conduit à la cour extérieure. Elle comprend un passage central et trois pièces pour les gardiens de chaque côté du passage. Les murs et la salle ont les mêmes dimensions que ceux de la porte est. La porte nord a en tout 50 mesures de long et 25 mesures de large. La salle, les fenêtres et les décorations faites avec des branches de palmier ont les mêmes dimensions que celles des autres portes. Pour arriver à la porte nord, on monte sept marches. La salle se trouve en face de l’escalier. En face de la porte nord, il y a une porte qui ouvre sur la cour intérieure. C’est la même chose que du côté est. L’homme mesure la distance entre les deux portes : il y a 100 mesures. Ensuite, il me conduit du côté sud, où il y a aussi une porte. Il mesure les pièces des gardiens, la salle et les murs. Ils ont les mêmes dimensions que ceux des autres portes. Là aussi, il y a des fenêtres tout autour de la porte et de la salle. Elles sont comme celles de l’est et du nord. La porte sud a en tout 50 mesures de long et 25 mesures de large. Pour arriver à la porte sud, on monte sept marches. La grande salle se trouve en face de l’escalier. Les murs intérieurs sont décorés avec des branches de palmier, à droite et à gauche du passage central. En face de cette porte, il y a une autre porte qui ouvre sur la cour intérieure. L’homme mesure la distance entre les deux portes sud. Il y a 100 mesures.
Ezekyèl 40:1-27 New International Version (NIV)
In the twenty-fifth year of our exile, at the beginning of the year, on the tenth of the month, in the fourteenth year after the fall of the city—on that very day the hand of the LORD was on me and he took me there. In visions of God he took me to the land of Israel and set me on a very high mountain, on whose south side were some buildings that looked like a city. He took me there, and I saw a man whose appearance was like bronze; he was standing in the gateway with a linen cord and a measuring rod in his hand. The man said to me, “Son of man, look carefully and listen closely and pay attention to everything I am going to show you, for that is why you have been brought here. Tell the people of Israel everything you see.” I saw a wall completely surrounding the temple area. The length of the measuring rod in the man’s hand was six long cubits, each of which was a cubit and a handbreadth. He measured the wall; it was one measuring rod thick and one rod high. Then he went to the east gate. He climbed its steps and measured the threshold of the gate; it was one rod deep. The alcoves for the guards were one rod long and one rod wide, and the projecting walls between the alcoves were five cubits thick. And the threshold of the gate next to the portico facing the temple was one rod deep. Then he measured the portico of the gateway; it was eight cubits deep and its jambs were two cubits thick. The portico of the gateway faced the temple. Inside the east gate were three alcoves on each side; the three had the same measurements, and the faces of the projecting walls on each side had the same measurements. Then he measured the width of the entrance of the gateway; it was ten cubits and its length was thirteen cubits. In front of each alcove was a wall one cubit high, and the alcoves were six cubits square. Then he measured the gateway from the top of the rear wall of one alcove to the top of the opposite one; the distance was twenty-five cubits from one parapet opening to the opposite one. He measured along the faces of the projecting walls all around the inside of the gateway—sixty cubits. The measurement was up to the portico facing the courtyard. The distance from the entrance of the gateway to the far end of its portico was fifty cubits. The alcoves and the projecting walls inside the gateway were surmounted by narrow parapet openings all around, as was the portico; the openings all around faced inward. The faces of the projecting walls were decorated with palm trees. Then he brought me into the outer court. There I saw some rooms and a pavement that had been constructed all around the court; there were thirty rooms along the pavement. It abutted the sides of the gateways and was as wide as they were long; this was the lower pavement. Then he measured the distance from the inside of the lower gateway to the outside of the inner court; it was a hundred cubits on the east side as well as on the north. Then he measured the length and width of the north gate, leading into the outer court. Its alcoves—three on each side—its projecting walls and its portico had the same measurements as those of the first gateway. It was fifty cubits long and twenty-five cubits wide. Its openings, its portico and its palm tree decorations had the same measurements as those of the gate facing east. Seven steps led up to it, with its portico opposite them. There was a gate to the inner court facing the north gate, just as there was on the east. He measured from one gate to the opposite one; it was a hundred cubits. Then he led me to the south side and I saw the south gate. He measured its jambs and its portico, and they had the same measurements as the others. The gateway and its portico had narrow openings all around, like the openings of the others. It was fifty cubits long and twenty-five cubits wide. Seven steps led up to it, with its portico opposite them; it had palm tree decorations on the faces of the projecting walls on each side. The inner court also had a gate facing south, and he measured from this gate to the outer gate on the south side; it was a hundred cubits.
Ezekyèl 40:1-27 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
La vingt-cinquième année de notre captivité, au début de l’année, le dixième jour du premier mois, c’est-à-dire quatorze ans après la prise de la ville de Jérusalem, exactement le même jour, la main de l’Eternel se posa sur moi et il me transporta là-bas. Il m’emmena, dans des visions reçues de Dieu, au pays d’Israël et me déposa sur une très haute montagne sur laquelle s’élevaient, du côté du sud, des constructions qui ressemblaient à une ville. Quand il m’eut conduit là-bas, j’aperçus un individu qui paraissait de bronze et qui portait dans sa main un cordeau de lin pour mesurer et une règle d’arpenteur ; il se tenait près de la porte de la ville. Cet individu me dit : Fils d’homme, regarde bien de tes yeux et écoute de toutes tes oreilles, fais bien attention à tout ce que je vais te montrer, car c’est pour te le faire voir que tu as été amené ici. Tu raconteras à la communauté d’Israël tout ce que tu verras. Voici ce que je vis : un mur extérieur entourait le Temple de tous côtés, et le personnage tenait en main une règle d’arpenteur longue de six coudées, en prenant la coudée longue, un peu plus grande que la coudée ordinaire. Il mesura l’épaisseur des murs de cette construction : elle correspondait à la longueur de sa règle. Il trouva la même dimension pour la hauteur. Puis il alla vers la porte qui faisait face à l’orient et il en gravit les marches. Il mesura le seuil de la porte qui avait une largeur égale à la longueur de sa règle. Le long du passage qui s’ouvrait se trouvaient des loges de garde carrées dont chaque côté faisait une longueur de règle ; elles étaient séparées par des murs de cinq coudées d’épaisseur. Le seuil de la porte, depuis le portique, à l’intérieur avait la longueur d’une règle. Le personnage mesura ce portique : huit coudées. Les deux piliers avaient deux coudées d’épaisseur. Ce portique de la porte était situé du côté intérieur. Il y avait trois loges de garde de chaque côté du couloir de la porte orientale. Elles avaient toutes les trois les mêmes dimensions, et les piliers qui se trouvaient de chaque côté avaient tous les trois la même épaisseur. Le personnage mesura ensuite la porte, à l’entrée : elle avait dix coudées de large, et puis la longueur de la porte : treize coudées. Devant les loges de garde il y avait, à gauche et à droite du couloir central, un muret d’une coudée de hauteur et chaque loge avait six coudées de côté. Puis il mesura toute la largeur de la porte, du fond d’une loge au fond de l’autre : en passant par leurs portes qui se faisaient face, il trouva vingt-cinq coudées. Il mesura le portique qui avait vingt coudées. Autour du portique de la porte se trouvait le parvis. Du front de la porte d’entrée jusque devant le portique de la porte, à l’intérieur, il y avait cinquante coudées. Les loges de garde et leurs piliers étaient munis de fenêtres grillagées s’ouvrant depuis l’intérieur, autour de la porte ; il en était de même du portique qui avait des fenêtres autour, s’ouvrant depuis l’intérieur. Sur chaque pilier étaient sculptés des palmiers. Puis le personnage me conduisit vers le parvis extérieur où se trouvaient des salles. Un dallage faisait tout le tour du parvis. Trente salles donnaient sur ce dallage, qui s’étendait de chaque côté des portes sur une longueur égale à la leur. C’était le dallage inférieur. Le personnage mesura la distance entre la façade de la porte inférieure jusqu’à celle du parvis intérieur, il trouva cent coudées. Voilà pour l’est. En ce qui concerne le nord : il mesura aussi la longueur et la largeur de la porte faisant face au nord, sur le parvis extérieur. Ses loges – trois d’un côté et trois de l’autre – ses piliers et son portique avaient les mêmes dimensions que celles de la première porte : cinquante coudées de long et vingt-cinq coudées de large ; ses fenêtres, son portique et ses palmiers avaient aussi les mêmes dimensions que ceux de la porte orientale. On y accédait par sept degrés et l’on avait alors le portique devant soi. Une porte donnait sur le parvis intérieur, en face de la porte nord ; il en était de même en face de la porte orientale. Le personnage mesura la distance d’une porte à l’autre : il trouva cent coudées. Ensuite il me conduisit du côté sud où je vis la porte méridionale. Il en mesura les piliers et le portique qui avaient les mêmes dimensions que les autres. Tout autour de cette porte et de son portique, il y avait des fenêtres pareilles aux autres : les dimensions étaient, là aussi, de cinquante coudées de long sur vingt-cinq de large. On y accédait par sept marches devant lesquelles se trouvait le portique. Des palmiers étaient sculptés de part et d’autre sur ces piliers. Le parvis intérieur avait aussi une porte du côté sud. L’homme mesura la distance d’une porte à l’autre en direction du sud et il trouva cent coudées.