Bondye di m konsa:
— Nonm o! Manje sa m ba ou la a. Manje woulo liv la. Apre sa, al pale ak moun pèp Izrayèl yo.
Se konsa, mwen louvri bouch mwen, li fè m manje woulo liv la. Li di m ankò.
— Nonm o! Manje non, plen vant ou ak liv mwen ba ou a.
Mwen manje l, li te dous nan bouch mwen kou siwo myèl. Lèfini, Bondye di mwen ankò:
— Ras Adan! Ale kote moun Izrayèl yo! Di yo tout pawòl mwen di ou yo. Se pa bò kote yon nasyon ki pale yon lòt lang ki difisil pou ou konprann mwen voye ou. Se bò kote moun pèp Izrayèl yo menm mwen voye ou. Se pa bò kote bann moun lòt nasyon yo ki pale lòt lang ki difisil pou ou konprann mwen voye ou. Si se te bò kote moun sa yo m te voye ou, yo ta koute ou. Men, pa gen pyès moun nan pèp Izrayèl la k'ap vle koute ou, paske yo pa vle koute m. Tout moun pèp Izrayèl yo gen tèt di ak move santiman nan kè yo. Kounyeya, m'ap fè ou kenbe tèt ak yo tankou yo kenbe tèt ak mwen an, pou ou ka koresponn ak yo. M'ap ba ou fyèl pou kenbe tèt ak yo. Pa pè yo, pa tranble devan yo. Se yon ras moun tèt di yo ye.
Bondye di ankò:
— Ras Adan! Louvri zòrèy ou. Tande sa m'a pral di ou. Kenbe pawòl mwen yo nan kè ou. Apre sa, ale bò kote moun yo te depòte yo, moun menm peyi avè ou yo. W'a pale ak yo, w'a di yo men sa mwen menm, Senyè a, m voye di yo. Yo te mèt koute ou, yo te mèt pa koute ou, zafè yo!
Apre sa, Lespri a pran m', li leve m' anlè. Epi m'tande vwa yon foultitid moun dèyè mwen k'ap di: Beniswa Letènèl! Li fè wè gwo pouvwa li nan syèl kote li rete a!. Mwen tande bri zèl bèt yo ki t'ap bat ansanm ak bri wou yo, ou ta di bri yon foul moun k'ap rele. Lespri a te leve m anlè, li pote m ale. Pouvwa Senyè a te vin chita sou mwen avèk fòs. Men, mwen te boulvèse, kè m te sere. Se konsa mwen rive lavil Tèl-Abid toupre larivyè Keba kote moun yo te depòte yo te rete a. Pandan sèt jou, mwen rete la nan mitan yo, tou dekontwole apre tou sa m te wè ak tou sa m te tande.