Ezekyèl 14:1-11

Ezekyèl 14:1-11 HAT98

Lè sa a, gen kèk chèf fanmi Izrayèl yo ki te vin kote m pou m te fè yo konnen volonte Bondye. Se konsa, Senyè a pale avè m, li di m konsa: — Ras Adan! Moun sa yo lage kò yo bay zidòl nèt. Yo kite zidòl pran nanm yo pou fè yo sa ki mal. Yo met nan tèt yo mwen pral kite yo vin mande mwen konsèy? Enben, pale ak yo, di yo konsa: Men mèsay Senyè sèl Mèt la voye ba yo: Tout moun nan pèp Izrayèl la ap lage kò yo bay zidòl yo nèt, yo kite zidòl pran nanm yo pou fè sa ki mal. Lèfini, y'ap vin jwenn pwofèt Bondye a! Se mwen menm menm, Senyè a, k'ap ba yo repons yo merite poutèt kantite zidòl y'ap sèvi yo. Zidòl yo te fè moun pèp Izrayèl yo vire do ban mwen. Men, m'ap reponn yo pou yo ka tounen vin jwenn mwen ankò. Kounyeya, men sa pou ou di moun pèp Izrayèl yo, men mesay Senyè sèl Mèt la voye ba yo: Tounen vin jwenn mwen. Vire do bay zidòl nou yo, sispann fè vye bagay derespektan sa yo. Chak fwa yonn nan moun pèp Izrayèl yo osinon yonn nan moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan pèp mwen an va vire do ban mwen pou l'al sèvi zidòl, si li kite zidòl pran nanm li pou li fè sa ki mal, lèfini pou li konprann pou l'al jwenn pwofèt Bondye a pou mande l mande m anyen, se mwen menm menm, Senyè a, ki pral ba li repons la. M'ap kenbe tèt ak li. M'ap fè l tounen yon egzanp pou yo mete non l nan chante. M'ap wete l nan mitan pèp mwen an. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki Senyè a. Si yon pwofèt kite yo pran tèt li pou li pa pale verite, se mwen menm k'ap kite yo pran tèt li. M'ap lonje men m sou li pou m pini l, m'ap wete l nan mitan pèp mwen an, pèp Izrayèl la. Ni pwofèt la, ni moun ki te vin jwenn li an ap peye pou sa yo fè. Y'ap resevwa menm chatiman an. Konsa, moun pèp Izrayèl yo p'ap vire do ban mwen ankò. Yo pa pral avili tèt yo nan fè sa ki mal. Lè sa a, se pèp mwen y'ap ye, se mwen menm k'ap Bondye yo. Se mwen menm, Senyè sèl Mèt la, ki di sa.