Egzòd 28:1-5
Egzòd 28:1-5 HAT98
W'a pran Arawon ak pitit li yo: Nadab, Abiyou, Eleaza, Itama, w'a wete yo nan mitan moun Izrayèl yo, w'a fè yo vin jwenn ou. W'a mete yo apa pou yo sèvi m prèt. W'a fè rad pou Arawon, frè ou la, rad pou li mete lè l'ap fè sèvis, pou l ka byen abiye, pou moun ka rekonèt grad li. W'a pale ak atizan ki konnen metye yo byen. Se mwen menm ki ba yo tout ladrès yo genyen an. W'a mande yo pou yo fè rad Arawon yo, pou ou ka mete l apa pou mwen pou l ka sèvi m prèt. Men ki rad pou yo fè: yon plastwon, yon jile, yon gwo rad long, yon chemiz byen bwode, yon gwo mouchwa pou vlope tèt ak yon sentiwon. Y'a fè rad sa yo pou Arawon, frè ou la, ak pou pitit li yo pou yo ka sèvi m prèt. Pou fè travay la, atizan yo va sèvi ak lò ak twal siperyè koulè ble, vyolèt ak wouj ansanm ak twal fen.

