Kèk tan apre sa, wa Asyeris moute Aman grad. Li nonmen li chèf alatèt tout minis li yo. Aman sa a te pitit Amedata, moun fanmi wa Agag. Wa a pase lòd pou tout anplwaye gouvènman li mete ajenou, bese tèt yo jouk atè devan Aman pou moutre jan yo respekte l. Tout anplwaye yo te fè sa vre esèpte Madoche ki te derifize fè bagay konsa. Lòt anplwaye yo mande Madoche poukisa li t'ap dezobeyi lòd wa a te bay la. Chak jou yo te dèyè l pou l te konfòme l. Men, li te refize koute yo. Li esplike yo se jwif li ye, li pa kapab bese tèt li jouk atè devan Aman. Se konsa mesye yo al di Aman sa pou yo wè si li pa t'ap di Madoche anyen. Lè Aman wè Madoche te derefize ni mete ajenou, ni bese tèt li jouk atè devan li lè l'ap pase, li ofiske. Lè li vin konnen menm se jwif Madoche te ye, li fè lide se pa Madoche sèlman l'ap pini. L'ap òganize l pou l touye dènye kras jwif ki nan peyi wa Asyeris la. Lè sa a, wa Asyeris t'ap mache sou douzan depi li t'ap gouvènen. Nan premye mwa a, mwa Nisan an, Aman mande yon divinò fè l konnen ki jou ak ki mwa ki pi bon pou l fè sa l te vle fè a. Se konsa yo tonbe sou douzyèm mwa a, mwa Ada a. Lè sa a, Aman al di wa a: — Monwa, gen yon ras moun ki gaye nan tout peyi w'ap gouvènen yo, yo toupatou nan mitan pèp yo, men yo viv apa. Mès pa yo pa menm ak mès lòt pèp yo. Lèfini, yo derefize obeyi lòd ou bay yo. Li pa ta bon pou wa a fèmen je l sou sa. Si wa a ta vle, li ta bay lòd pou yo touye yo. Si wa a fè sa, m'ap ranmase twasanswasannkenz (375) tòn ajan nan men anplwaye leta yo m'a mete nan kès wa a. Wa a ba li kat blanch. Li wete gwo bag ki nan dwèt li a bay Aman, pitit gason Amedata, moun ras Agag la, ki pat vle wè jwif yo. Epi wa a di l konsa: — Mwen ba ou pèp sa a ansanm ak richès li yo. Fè sa ou vle ak yo.
Li Estè 3
Koute Estè 3
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Estè 3:1-11
5 Jou
Estè se yon fanm Bondye te itilize pou sove pèp Izrayèl la. Li te ranpli yon misyon kouraj ak obeyisans. Atravè gid lekti sa a, nou pral gade kijan lafwa Estè te pèmèt li fè fas ak menas, men tou, kijan Bondye te sèvi ak detèminasyon li pou akonpli plan Li. Sa kapab enspire nou nan moman difikilte yo pou nou ka viv ak kouraj ak konfyans nan Bondye.
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo