Estè 3:1-11

Estè 3:1-11 1998 Haïtienne (HAT98)

Kèk tan apre sa, wa Asyeris moute Aman grad. Li nonmen li chèf alatèt tout minis li yo. Aman sa a te pitit Amedata, moun fanmi wa Agag. Wa a pase lòd pou tout anplwaye gouvènman li mete ajenou, bese tèt yo jouk atè devan Aman pou moutre jan yo respekte l. Tout anplwaye yo te fè sa vre esèpte Madoche ki te derifize fè bagay konsa. Lòt anplwaye yo mande Madoche poukisa li t'ap dezobeyi lòd wa a te bay la. Chak jou yo te dèyè l pou l te konfòme l. Men, li te refize koute yo. Li esplike yo se jwif li ye, li pa kapab bese tèt li jouk atè devan Aman. Se konsa mesye yo al di Aman sa pou yo wè si li pa t'ap di Madoche anyen. Lè Aman wè Madoche te derefize ni mete ajenou, ni bese tèt li jouk atè devan li lè l'ap pase, li ofiske. Lè li vin konnen menm se jwif Madoche te ye, li fè lide se pa Madoche sèlman l'ap pini. L'ap òganize l pou l touye dènye kras jwif ki nan peyi wa Asyeris la. Lè sa a, wa Asyeris t'ap mache sou douzan depi li t'ap gouvènen. Nan premye mwa a, mwa Nisan an, Aman mande yon divinò fè l konnen ki jou ak ki mwa ki pi bon pou l fè sa l te vle fè a. Se konsa yo tonbe sou douzyèm mwa a, mwa Ada a. Lè sa a, Aman al di wa a: — Monwa, gen yon ras moun ki gaye nan tout peyi w'ap gouvènen yo, yo toupatou nan mitan pèp yo, men yo viv apa. Mès pa yo pa menm ak mès lòt pèp yo. Lèfini, yo derefize obeyi lòd ou bay yo. Li pa ta bon pou wa a fèmen je l sou sa. Si wa a ta vle, li ta bay lòd pou yo touye yo. Si wa a fè sa, m'ap ranmase twasanswasannkenz (375) tòn ajan nan men anplwaye leta yo m'a mete nan kès wa a. Wa a ba li kat blanch. Li wete gwo bag ki nan dwèt li a bay Aman, pitit gason Amedata, moun ras Agag la, ki pat vle wè jwif yo. Epi wa a di l konsa: — Mwen ba ou pèp sa a ansanm ak richès li yo. Fè sa ou vle ak yo.

Estè 3:1-11 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Après ces événements, le roi Xerxès honore Haman, fils de Hammedata, de la famille d’Agag. Il lui donne un poste élevé, celui de premier ministre. Tous les fonctionnaires du roi s’inclinent profondément devant Haman, comme le roi l’a commandé. Mais Mardochée ne s’incline pas. Les autres fonctionnaires lui demandent : « Tu n’obéis pas à l’ordre du roi, pourquoi donc ? » Ils lui font cette remarque tous les jours, mais lui, il n’en tient pas compte. Comme il leur a dit qu’il est juif, ils parlent de l’affaire à Haman, pour voir si Mardochée va continuer à agir ainsi. Haman le voit bien : Mardochée refuse de s’incliner profondément devant lui. Haman se met alors dans une violente colère. Il a appris aussi que Mardochée est juif. Il trouve donc que cela ne suffit pas de s’attaquer à Mardochée seul. Il cherche aussi à tuer les gens de son peuple, c’est-à-dire tous les Juifs qui vivent dans tout le royaume de Xerxès. La douzième année où Xerxès est roi, le premier mois, ou mois de Nisan, Haman fait jeter les dés appelés « pourim ». Il veut savoir quel jour et quel mois seront favorables pour réaliser ses projets. Le sort tombe sur le douzième mois, ou mois de Adar. Haman dit au roi Xerxès : « Il y a un peuple particulier qui habite un peu partout dans toutes les provinces de ton royaume. Ces gens vivent à part, au milieu des autres peuples. Leurs coutumes sont différentes de celles des autres peuples et ces gens-là n’obéissent pas aux lois royales. Ce n’est pas dans ton intérêt de les laisser tranquilles ! Si tu le juges bon, donne par écrit l’ordre de les tuer. Alors je remettrai 300 tonnes d’argent aux fonctionnaires qui administrent le royaume. Ils les verseront dans le trésor royal. » Le roi enlève la bague qu’il porte au doigt. Il la donne à l’ennemi des Juifs, Haman, fils de Hammedata, de la famille d’Agag. Le roi dit à Haman : « Garde ton argent, et ces gens-là, traite-les comme tu veux ! »

Estè 3:1-11 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Apre tout bagay sa yo fin pase, wa Asyeris te onore Aman ki se pitit Amedata. Amedata sa te soti nan ras Agag. Wa a te plase l nan plas ki pi wo pami tout lòt ofisye l yo. Wa a te pase lòd pou tout ofisyèl k ap sèvi nan palè a mete ajenou epi koube tèt byen ba devan Aman pou onore l. Men, Madoche te refize mete ajenou devan Aman pou onore l. Responsab ofisyèl yo ki t ap sèvi nan palè a poze Madoche kesyon sa a: “Poukisa ou pa obeyi lòd wa a pou ou met ajenou devan Aman?” Se chak jou sèvitè ofisyèl wa yo t ap pale ak Madoche sou menm koze sa a, men Madoche refize koube anba lòd wa a. Li di yo: Mwen se Jwif, se poutèt sa mwen pa mete ajenou devan Aman. Yo rakonte Aman sa pou yo ka wè kisa l ap fè ak Madoche. Aman te fin anraje, lè yo fè li wè Madoche pa vle met ajenou nan pye l pou onore l. Lè Aman aprann Madoche se yon Jwif, li pa t santi touye Madoche sèlman te sifi, li te vle touye tout Jwif ki nan tout wayòm Asyeris la. Evènman sa te pase premye mwa nan lane, nan mwa Nisan. Lè sa a, Asyeris te sou douzyèm ane depi l wa. Aman fè sèvitè l yo fè tiraj osò pou devine nan ki dat egzat pou l egzekite plan li a. Tiraj osò a montre se nan douzyèm mwa a, nan mwa Ada ki pi bon. Apre sa, Aman ale kote wa Asyeris epi li di l: “Gen yon seri moun ki gaye nan tout pwovens ki nan wayòm ou a epi y ap viv tankou you gwoup separe ki pa mele ak pèsonn. Koutim pa yo diferan ak koutim tout lòt pèp yo. Yo pa vle obeyi okenn lòd wa a pase. Nan ka sa a, se pa yon bon bagay ki nan enterè w non, Majeste, pou ou kite moun sa yo viv kon sa nan wayòm ou. Si sa fè w plezi, pase lòd pou touye tout moun sa yo. Si ou deside fè sa, m ap pwomèt ou m ap bay trezorye w yo 375 tòn lajan pou mete nan trezò pou ou.” Alò, wa a wete bag ki te nan dwèt li a, li bay Aman l, pitit Amedata a ki soti nan fanmi Agag, yon lènmi Jwif yo. Wa a di Aman konsa: “Ou ka kenbe lajan w lan, men ou mèt fè sa ou vle ak bann moun sa yo.”

Estè 3:1-11 New International Version (NIV)

After these events, King Xerxes honored Haman son of Hammedatha, the Agagite, elevating him and giving him a seat of honor higher than that of all the other nobles. All the royal officials at the king’s gate knelt down and paid honor to Haman, for the king had commanded this concerning him. But Mordecai would not kneel down or pay him honor. Then the royal officials at the king’s gate asked Mordecai, “Why do you disobey the king’s command?” Day after day they spoke to him but he refused to comply. Therefore they told Haman about it to see whether Mordecai’s behavior would be tolerated, for he had told them he was a Jew. When Haman saw that Mordecai would not kneel down or pay him honor, he was enraged. Yet having learned who Mordecai’s people were, he scorned the idea of killing only Mordecai. Instead Haman looked for a way to destroy all Mordecai’s people, the Jews, throughout the whole kingdom of Xerxes. In the twelfth year of King Xerxes, in the first month, the month of Nisan, the pur (that is, the lot) was cast in the presence of Haman to select a day and month. And the lot fell on the twelfth month, the month of Adar. Then Haman said to King Xerxes, “There is a certain people dispersed among the peoples in all the provinces of your kingdom who keep themselves separate. Their customs are different from those of all other people, and they do not obey the king’s laws; it is not in the king’s best interest to tolerate them. If it pleases the king, let a decree be issued to destroy them, and I will give ten thousand talents of silver to the king’s administrators for the royal treasury.” So the king took his signet ring from his finger and gave it to Haman son of Hammedatha, the Agagite, the enemy of the Jews. “Keep the money,” the king said to Haman, “and do with the people as you please.”

Estè 3:1-11 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Quelque temps après ces événements, l’empereur Xerxès éleva en dignité Haman, fils de Hammedata du pays d’Agag : il le promut au rang de premier ministre et lui donna ainsi la prééminence sur tous les ministres de son gouvernement. Par ordre de l’empereur, tous les fonctionnaires impériaux en poste au palais devaient s’agenouiller et se prosterner sur son passage. Mais Mardochée ne s’agenouillait pas et ne se prosternait pas devant lui. Ses collègues lui demandèrent : Pourquoi désobéis-tu à l’ordre de l’empereur ? Tous les jours, ils lui disaient cela, mais Mardochée ne les écoutait pas. Finalement, ils signalèrent la chose à Haman pour voir si Mardochée s’en tiendrait à ses paroles, car il leur avait dit qu’il était Juif. Quand Haman eut constaté que Mardochée ne s’agenouillait pas et ne se prosternait pas devant lui, il devint furieux. On lui avait appris à quel peuple Mardochée appartenait, et il jugea trop insuffisant de porter la main sur Mardochée seulement. Il résolut donc d’exterminer tous les Juifs, compatriotes de Mardochée, qui se trouvaient dans tout l’empire de Xerxès. Le premier mois, c’est-à-dire le mois de Nisân de la douzième année du règne de Xerxès, Haman fit tirer au sort – ce qui se dit « Pour » – en passant en revue un jour après l’autre et un mois après l’autre. Le sort tomba sur le douzième mois qui est le mois d’Adar. Puis Haman alla dire à l’empereur Xerxès : Il y a, répandu parmi les peuples dans toutes les provinces de ton empire, un peuple qui est inassimilable. Leurs lois sont différentes de celles de tous les autres peuples, et ils n’obéissent pas aux lois impériales. L’empereur n’a aucun intérêt à les laisser en paix. Si l’empereur le veut bien, que l’on rédige un édit ordonnant leur extermination et je pèserai dix mille pièces d’argent que je remettrai aux fonctionnaires impériaux pour qu’ils les versent dans les caisses de l’empereur. Alors l’empereur ôta son anneau du doigt et le remit à Haman, fils de Hammedata d’Agag, l’ennemi des Juifs. Puis l’empereur dit à Haman : Je te laisse l’argent et je te livre ce peuple. Fais-en ce que tu voudras.