Apre sa, lè kòlè wa a fin pase, lide wa a te toujou sou sa Vachti te fè a ak sou desizyon li menm li te pran lè sa a. Se konsa, nan moun ki toujou avèk wa a, gen ladan yo ki di l:
— Poukisa ou pa mete moun chache pou ou kèk bèl ti jenn fi ki tifi toujou? Nan tout pwovens peyi ou la, w'a chwazi kèk enspektè ki va chache dènye bèl ti jenn fi ki poko nan gason. Y'a mennen yo nan kay madanm ou yo, isit la, lavil Souz, kapital la. W'a mete yo sou kont Egayi, domestik konfyans ou ki reskonsab madanm ou yo, pou li ba yo tou sa yo bezwen pou fè kò yo bèl. Lèfini, jennfi ki va fè ou plezi plis la, w'a mete li larenn nan plas Vasti.
Wa a wè se te yon bon lide, li fè sa konsa vre.
Lè sa a, nan lavil Souz, kapital peyi a, te gen yon jwif ki te rele Madoche. Se te pitit Jayi, nan branch fanmi Benjamen. Li te sòti nan fanmi Kich ak Chimeyi. Lè Nebikadneza, wa peyi Babilòn lan, te pran Jekonya, wa peyi Jida a, ansanm ak lòt prizonye yo nan lavil Jerizalèm pou l te depòte yo, Madoche te ladan l tou. Li te gen yon ti kouzin li ki te rele Estè. Men bon non jwif li se te Adasa. Se te yon bèl fi anfòm. Lè papa l ak manman l mouri, Madoche te pran l lakay li, li leve l tankou pwòp pitit fi li.
Apre yo te fin pibliye lòd wa a, yo mache chache anpil jenn fi, yo mennen yo lakay wa a lavil Souz, kapital la. Estè te ladan yo tou. Se konsa li te lakay wa a, sou kont Egayi ki te reskonsab tout madanm wa yo. Estè te fè Egayi plezi anpil. San l te ale avè l. Li pa pèdi tan li, li ba li tou sa li te bezwen pou fè kò l bèl ak manje ki bon pou li. Li chwazi sèt bòn lakay wa a, li bay Estè pou sèvis pa l, epi li mete l nan pi bon apatman ki te genyen nan kay madanm wa yo.
Estè pat kite pèsonn konnen moun ki peyi ak ki ras li te ye, paske Madoche te ba li lòd pou l pat di anyen sou sa.