Estè 2:1-10

Estè 2:1-10 1998 Haïtienne (HAT98)

Apre sa, lè kòlè wa a fin pase, lide wa a te toujou sou sa Vachti te fè a ak sou desizyon li menm li te pran lè sa a. Se konsa, nan moun ki toujou avèk wa a, gen ladan yo ki di l: — Poukisa ou pa mete moun chache pou ou kèk bèl ti jenn fi ki tifi toujou? Nan tout pwovens peyi ou la, w'a chwazi kèk enspektè ki va chache dènye bèl ti jenn fi ki poko nan gason. Y'a mennen yo nan kay madanm ou yo, isit la, lavil Souz, kapital la. W'a mete yo sou kont Egayi, domestik konfyans ou ki reskonsab madanm ou yo, pou li ba yo tou sa yo bezwen pou fè kò yo bèl. Lèfini, jennfi ki va fè ou plezi plis la, w'a mete li larenn nan plas Vasti. Wa a wè se te yon bon lide, li fè sa konsa vre. Lè sa a, nan lavil Souz, kapital peyi a, te gen yon jwif ki te rele Madoche. Se te pitit Jayi, nan branch fanmi Benjamen. Li te sòti nan fanmi Kich ak Chimeyi. Lè Nebikadneza, wa peyi Babilòn lan, te pran Jekonya, wa peyi Jida a, ansanm ak lòt prizonye yo nan lavil Jerizalèm pou l te depòte yo, Madoche te ladan l tou. Li te gen yon ti kouzin li ki te rele Estè. Men bon non jwif li se te Adasa. Se te yon bèl fi anfòm. Lè papa l ak manman l mouri, Madoche te pran l lakay li, li leve l tankou pwòp pitit fi li. Apre yo te fin pibliye lòd wa a, yo mache chache anpil jenn fi, yo mennen yo lakay wa a lavil Souz, kapital la. Estè te ladan yo tou. Se konsa li te lakay wa a, sou kont Egayi ki te reskonsab tout madanm wa yo. Estè te fè Egayi plezi anpil. San l te ale avè l. Li pa pèdi tan li, li ba li tou sa li te bezwen pou fè kò l bèl ak manje ki bon pou li. Li chwazi sèt bòn lakay wa a, li bay Estè pou sèvis pa l, epi li mete l nan pi bon apatman ki te genyen nan kay madanm wa yo. Estè pat kite pèsonn konnen moun ki peyi ak ki ras li te ye, paske Madoche te ba li lòd pou l pat di anyen sou sa.

Estè 2:1-10 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Après ces événements, la colère du roi Xerxès se calme. Mais il se rappelle comment Vasti a agi, et la décision prise contre elle. Alors les hommes qui sont au service du roi lui disent : « On devrait chercher pour toi, notre roi, des jeunes filles très belles qui n’ont pas encore été avec un homme. Désigne donc des fonctionnaires dans toutes les provinces du royaume. Ils amèneront toutes les jeunes filles très belles dans la citadelle de Suse, dans la maison des femmes . Hégué, l’eunuque chargé de cette maison, prendra soin d’elles et il leur donnera des produits de beauté. La jeune fille qui plaira le plus au roi deviendra reine à la place de Vasti. » Cette idée plaît au roi, et c’est ce qu’il fait. Dans la citadelle de Suse, il y a un Juif appelé Mardochée. Il est fils de Yaïr, de la famille de Chiméi et de Quich, et il appartient à la tribu de Benjamin. Il fait partie de ceux que Nabucodonosor, roi de Babylone, a déportés de Jérusalem, en même temps que Yekonia , roi de Juda. Mardochée a adopté sa cousine Hadassa, appelée aussi Esther. En effet, la jeune fille n’a plus ni père ni mère, et depuis leur mort, Mardochée s’en occupe. Elle a un corps magnifique et elle est agréable à regarder. On fait connaître partout l’ordre et la décision du roi. Puis on rassemble beaucoup de jeunes filles à la citadelle de Suse. Esther est parmi elles. Elle est conduite au palais du roi avec les autres, sous l’autorité de Hégué, le responsable des femmes. Esther plaît beaucoup à Hégué et elle gagne sa faveur. Il lui donne aussitôt tout ce qui est nécessaire à sa beauté et à sa nourriture. Il lui donne aussi sept servantes choisies parmi les femmes qui travaillent au palais royal. Il l’installe avec elles dans le meilleur appartement de la maison des femmes. Esther ne dit pas que sa famille est juive. En effet, Mardochée lui a défendu de le dire.

Estè 2:1-10 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Nan pita, kòlè wa Asyeris te desann, li sonje sa rèn Vasti te fè a epi dekrè li pran poutèt sa. Alò, sèvitè pwòch li yo bay wa a yon konsèy. Yo di: “Ann chache jenn fi ki bèl epi ki poko nan gason pou wa a. Se pou wa a chwazi yon delege nan chak pwovens wayòm li a epi y a mennen ba li tout bèl jenn fi vyèj sa yo nan sitadèl lavil Souz la, kapital la. Yo va mennen fi sa yo kote medam yo ye nan sitadèl la epi, Ege ki responsab enik wa yo, va bay tout jenn fi sa yo bon jan swen ak pwodui pou yo pase sou kò yo. Apre sa, jenn fi ki va satisfè wa a pi plis la va vin rèn nan plas Vasti.” Wa a te wè se te yon bon lide, epi l fè sa kon sa vre. Pandan tan sa a, te gen yon jwif ki soti nan ras Benjamen ki t ap travay nan sitadèl la, Souz, kapital la. Nonm sa a te rele Madoche. Li se pitit Jayi, pitit Chimeyi epi pitit Kich. Nebikadnetsa ki te wa Babilòn nan, te mennen Madoche soti Jerizalèm vin Babilòn kòm prizonye, ansanm ak Jekonya, wa peyi Jida a. Madoche te gen kouzin li ki rele Adasa, yo te rele l Estè tou. Li pa t gen ni manman ni papa. Madoche te adopte l kòm pitit fi li, apre manman l ak papa l te mouri. Madoche te elve li epi pran swen li. Adasa te bèl anpil. Apre yo te pibliye dekrè wa a, yo mennen anpil jenn fi vil Souz. Yo te mennen Estè nan palè wa a tou. Menm jan ak tout lòt jenn fi yo, yo te mennen Estè nan palè a. Yo te mennen l bay Ege avèk lòt medam yo. Se Ege ki te responsab kay medam yo. Estè te tèlman fè Ege plezi, li te vin pi renmen li pase lòt yo. Touswit, li bay Estè tout sa li bezwen pou l manje ak pou l pran swen kò l. Li chwazi sèt sèvant nan palè wa a pou sèvi Estè epi li ba l pati ki bèl nan kay medam yo pou l rete ak tout sèvant li yo. Madoche te pase Estè lòd pou l pa di pèsonn si l se Jwif. Li pa di pèsonn anyen sou fanmy li a.

Estè 2:1-10 New International Version (NIV)

Later when King Xerxes’ fury had subsided, he remembered Vashti and what she had done and what he had decreed about her. Then the king’s personal attendants proposed, “Let a search be made for beautiful young virgins for the king. Let the king appoint commissioners in every province of his realm to bring all these beautiful young women into the harem at the citadel of Susa. Let them be placed under the care of Hegai, the king’s eunuch, who is in charge of the women; and let beauty treatments be given to them. Then let the young woman who pleases the king be queen instead of Vashti.” This advice appealed to the king, and he followed it. Now there was in the citadel of Susa a Jew of the tribe of Benjamin, named Mordecai son of Jair, the son of Shimei, the son of Kish, who had been carried into exile from Jerusalem by Nebuchadnezzar king of Babylon, among those taken captive with Jehoiachin king of Judah. Mordecai had a cousin named Hadassah, whom he had brought up because she had neither father nor mother. This young woman, who was also known as Esther, had a lovely figure and was beautiful. Mordecai had taken her as his own daughter when her father and mother died. When the king’s order and edict had been proclaimed, many young women were brought to the citadel of Susa and put under the care of Hegai. Esther also was taken to the king’s palace and entrusted to Hegai, who had charge of the harem. She pleased him and won his favor. Immediately he provided her with her beauty treatments and special food. He assigned to her seven female attendants selected from the king’s palace and moved her and her attendants into the best place in the harem. Esther had not revealed her nationality and family background, because Mordecai had forbidden her to do so.

Estè 2:1-10 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Au bout d’un certain temps, la colère de l’empereur Xerxès se calma. Il repensa à ce qu’avait fait Vasthi, et il réfléchit à la décision qui avait été prise à son sujet. Alors les courtisans attachés à son service lui dirent : Que l’on recherche pour l’empereur des jeunes filles vierges et belles. Que l’empereur désigne donc des fonctionnaires chargés de sélectionner dans toutes les provinces de son empire toutes les jeunes filles vierges et belles et de les amener dans le harem de la citadelle de Suse pour les confier à Hégué, l’eunuque de l’empereur qui a la garde des femmes. On leur fournira tous les produits de beauté nécessaires. La jeune fille qui aura la préférence de l’empereur succédera comme impératrice à Vasthi. Cette proposition plut à l’empereur qui la fit mettre à exécution. Or, dans la citadelle de Suse, vivait un Juif nommé Mardochée. Il était fils de Yaïr, et descendant de Shimeï et de Qish de la tribu de Benjamin. Sa famille avait été déportée de Jérusalem avec les autres exilés emmenés par Nabuchodonosor, roi de Babylone, en même temps que Yekonia, roi de Juda. Mardochée avait élevé sa cousine Hadassa – c’est-à-dire Esther – orpheline de père et de mère. Cette jeune fille était bien faite et d’une grande beauté. A la mort de ses parents, Mardochée l’avait adoptée comme sa fille. Après la proclamation de l’ordonnance de l’empereur et de son décret, de nombreuses jeunes filles furent rassemblées dans la citadelle de Suse, sous la surveillance de Hégué. Esther fut aussi emmenée au palais impérial et confiée aux soins de Hégué, le responsable du harem. La jeune fille lui plut et gagna sa faveur. Il se mit en peine de lui fournir tout ce qu’il fallait en produits de beauté et pour son régime. Il mit à sa disposition sept jeunes servantes, sélectionnées parmi le personnel du palais impérial, et il la transféra, elle et ses servantes, dans le meilleur appartement du harem. Esther n’avait révélé ni son peuple ni sa famille d’origine, car Mardochée le lui avait interdit.