Efezyen 5

5
Men ki jan pitit Bondye fèt pou viv
1Se sa ki fè, paske nou se pitit Bondye renmen #Mat 5.48; Kol 3.12 anpil, se pou nou chache fè tankou Bondye fè. 2Se #Gal 2.20; Eb 10.10; Kol 3.13; Sòm 40.6; Egz 29.18; Eze 20.41 pou nou viv ak renmen nan kè nou, menm jan Kris la te fè l la, li menm ki te renmen nou, ki te bay lavi l pou nou tankou yon ti mouton yo ofri pou touye pou Bondye, ofrann k'ap fè Bondye plezi ak bon sant li.
3Paske #Ef 4.19; Kol 3.5 nou se pèp Bondye a, sa pa bon pou nou menm louvri bouch nou pale sou dezòd lachè, sou bagay ki sal ak vye dezi. 4Sa #Ef 4.29; Kol 3.8 pa bon nonplis pou nou kite gwo mo, pawòl san sans ak mo sal sòti nan bouch nou. Bagay konsa pa dakò ak sa nou ye. Okontrè, se pou nou lapriyè pou di Bondye mèsi. 5Paske, #1 Kor 6.9,10; Kol 3.5; Tra 8.21 konnen sa byen: okenn moun ki nan dezòd lachè, osinon ki nan lenkondit, osinon ki renmen lajan (moun konsa se tankou moun k'ap sèvi zidòl), okenn nan moun sa yo p'ap gen pòsyon eritaj nan peyi kote Bondye ak Kris la wa a.
6Pa #Wòm 1.18; Kol 2.4,8 kite pèsonn twonpe nou ak pawòl san sans yo: se poutèt bagay sa yo menm kòlè Bondye tonbe sou moun ki refize obeyi l yo. 7Nou pa gen anyen pou nou wè ak moun konsa. 8Nan #Ef 2.11,13; Lik 16.8; 1 Pyè 2.9; Jan 12.36 tan lontan, nou te nan fènwa. Men kounyeya, paske n'ap viv ansanm nan Senyè a, nou nan limyè. Se sa ki fè, fòk nou mennen tèt nou tankou moun k'ap viv nan limyè a. 9Paske, limyè a fè moun fè bagay ki bon, bagay ki dwat ak bagay ki vre. 10Chache #Wòm 12.2 konnen sa k'ap fè Senyè a plezi. 11Nou #Jan 16.8 pa gen anyen pou nou wè ak moun k'ap viv nan fènwa, moun k'ap fè bagay ki p'ap rapòte anyen. Okontrè, denonse yo pou sa yo ye. 12Bagay #Wòm 1.24 moun sa yo ap fè an kachèt, se yon wont menm pou pale sou sa. 13Men, #Jan 3.20,21 lè ou mete tout bagay sa yo aklè nan limyè, lèzòm va wè sa yo ye tout bon. 14Paske, #Eza 26.19; 60.1; Wòm 13.11; 6.13 tout bagay ki parèt aklè tounen limyè. Se poutèt sa yo di:
Leve non, ou menm k'ap dòmi an,
leve sòti nan mitan mò yo.
Kris la va klere ou. #5.14: Nou pa konnen kote dirèk yo jwenn pawòl sa yo. Se ka nan yon liv ki pa rive jwenn nou osinon nan yon ansyen chante patizan Kris yo te fè sou Kris la.
15Se #Mat 10.16; Kol 4.5 sa ki fè, konnen ki jan pou n mennen tèt nou! Pa mennen tèt nou tankou moun ki sòt, men tankou moun ki gen konprann. 16Pa kite okenn okazyon pase pou fè sa ki byen. Paske, jou sa yo n'ap viv la a pa bon menm. 17Se #Wòm 12.2 poutèt sa, pran tèt nou byen, chache konnen sa Senyè a vle nou fè.
18Pa #Pwo 23.31; Lik 21.34 soule tèt ou ak bweson. Sa ka mennen ou nan lavi pèvèti. Okontrè se pou nou ranpli ak Sentespri. 19#Kol 3.16; Sòm 33.2,3 nou ansanm yonn ak lòt, sèvi ak pawòl sòm yo, kantik yo epi ak pawòl chante Lespri enspire nou. Chante kantik ak Sòm pou Senyè a, lè n'ap fè lwanj li ak tout kè nou. 20Nan #Kol 3.17 non Senyè nou an, Jezikri, se tout tan pou n'ap di Bondye Papa a mèsi pou tout bagay.
Devwa moun marye
21Nou #1 Pyè 5.5 menm ki gen krentif pou Kris, soumèt nou yonn devan lòt.
22Nou #Jen 3.16; Kol 3.18; 1 Pyè 3.1 menm medam yo, soumèt devan mari nou tankou nou soumèt devan Senyè a. 23Se #1 Kor 11.3; Kol 1.18 mari ki alatèt madanm li, menm jan se Kris ki chèf legliz la. Se Kris la menm ki delivre legliz la ki se kò li. 24Konsa, se pou medam yo soumèt devan mari yo menm jan legliz la soumèt devan Kris la.
25Nou #Kol 3.19 menm mari yo, se pou nou renmen madanm nou menm jan Kris la te renmen legliz la, jouk li te asepte mouri pou li. 26Li #Tit 3.5 te fè sa pou li te ka mete legliz la apa pou Bondye. Li lave legliz la nan dlo ak nan pawòl li. 27Paske, #Sòm 45.13; 2 Kor 11.2 li te vle pou legliz la parèt devan l nan tout bèl pouvwa li, byen pwòp, san okenn defo, ni okenn tach, ni okenn pli, ni okenn mank. 28Se pou mari yo renmen madanm yo menm jan yo renmen pwòp tèt pa yo. Yon nonm ki renmen madanm li, li renmen pwòp tèt pa li tou. 29Pèsonn pa janm rayi kò li. Okontrè, li ba l manje, li pran swen l, tankou Kris la ap fè sa pou legliz la 30paske #Ef 1.23; 1 Kor 6.15; Jen 2.23 nou se manm kò li. 31Jan #Jen 2.24 sa ekri nan Liv la: Gason va kite manman li ak papa li pou li atache ak madanm li. Yo de a va fè yon sèl. 32Se #Rev 19.7 yon gwo verite wi Bondye fè nou konnen nan pawòl sa a. Mwen menm, mwen kwè verite sa a se pou Kris la ak legliz la. 33Men, li bon pou nou tou: se pou chak mari renmen madanm yo tankou yo renmen tèt pa yo, epitou se pou chak madanm respekte mari yo.

Chwazi Kounye ya:

Efezyen 5: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an