Eklezyas 9:13-18
Eklezyas 9:13-18 HAT98
Men yon lòt bagay mwen te wè ankò: Se yon bèl egzanp ki moutre sa bon konprann ka fè pou moun. Vwala se te yon ti bouk tou piti ki pat gen anpil moun ladan l. Yon gran wa vin atake l ak yon gwo lame. Li sènen bouk la toupatou, li fè pare yon bann bagay pou kraze miray ranpa bouk la. Te gen yon nonm nan bouk la ki te gen lespri, men se te yon pòv malere. Se li ki te sove bouk la avèk konesans li. Apre sa, tout moun bliye l. Mwen te toujou di: Konesans pi bon pase gwo kouray, men yo meprize konesans moun ki pòv. Yo p'ap koute yo lè y'ap pale. Pito ou koute pawòl yon moun ki gen konprann ap di ou tou dousman pase pawòl chèf k'ap rele byen fò nan mitan yon bann moun sòt. Konesans pi bon pase tout zam pou fè lagè. Men, fòt yon sèl moun ka fè anpil byen pèdi tou.

