Lè yon moun ki gen konprann ap sibi move tretman, sa ka fè li pèdi tèt li. Lajan sou kote fè moun pèdi karaktè li. Lè yon bagay ap fini, li pi bon pase lè l'ap kòmanse. Pito ou pran pasyans pase ou kite lògèy ap pouse ou. Pa fè kòlè fasil, paske se moun sòt ki renmen fache. Pa janm mande poukisa lontan te pi bon pase jodi a. Moun bon konprann pa mande bagay konsa. Sa bon pou moun gen bon konprann. Se tankou si ou te gen anpil byen. Se yon gwo avantaj pou tout moun k'ap viv sou latè. Bon konprann pwoteje ou menm jan lajan ka fè l. Men, avantaj yon moun genyen lè li gen konesans avèk bon konprann, sa l konnen an ap fè l viv. Gade travay Bondye! Ki moun ki ka drese sa Bondye kwochi?
Li Eklezyas 7
Koute Eklezyas 7
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Eklezyas 7:7-13
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo