Eklezyas 7:25-29
Eklezyas 7:25-29 HAT98
Men, mwen pran san m pou m chache konnen, pou m egzaminen tout bagay. Mwen te sòti pou m te konprann, pou m te jwenn repons pou tout kèsyon mwen t'ap poze tèt mwen, pou m te rive konnen jan moun mechan yo pèdi tèt yo, jan moun sòt yo egare. Mwen resi jwenn yon bagay ki pi rèd pase lanmò. Se fanm ki fè sanblan li renmen ou pou li ka pran ou nan pèlen. Lè li anbrase ou se chenn li pase nan kou ou. Yon nonm ki fè Bondye plezi ap chape anba men li. Men moun k'ap fè sa ki mal ap tonbe anba grif li. Wi, men sa mwen menm filozòf la, mwen di: Antan m'ap chache konprann, lè mwen mete tou sa m konnen yonn sou lòt, bout pou bout men sa mwen rive jwenn. M'ap bouske chache toujou, men mwen poko jwenn anyen. Sou milòm mwen kontre, se yon sèl gason total mwen trape. Men pou fanm menm, mwen pa trape yonn ki merite pote non fanm sou kantite fanm mwen kontre. Men sa mwen rive konprann ase: Bondye kreye moun pou yo viv tou senp san foub, men lèzòm konplike lavi a.

