Tou sa yon nonm fè pase nan bouch, men l'ap toujou grangou. Kisa yon nonm ki gen lespri gen pase yon nonm sòt? Kisa sa rapòte yon pòv malere lè li konnen jan pou l debat ak lavi a? Anyen. Pito ou kontan ak sa ou genyen pase pou ou toujou anvi sa ou pa genyen. Paske sa pa vo anyen. Se rapousib van. Tou sa ki rive, depi lontan yo konnen li te la pou rive. Nou deja konnen sa yon moun ye. Li pa ka nan kenbe tèt ak moun ki pi fò pase l. Plis ou nan pale anpil, plis se tan ou w'ap pèdi. Kisa sa ap rapòte ou? Ki moun ki konnen sa ki bon pou yon moun k'ap mennen yon lavi ki pa vo anyen, yon lavi k'ap pase tankou yon nyaj, pandan de twa jou l'ap pase sou tè a? Ki moun ki ka fè lèzòm konnen sa ki gen pou rive sou latè apre y'a fin mouri?
Li Eklezyas 6
Koute Eklezyas 6
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Eklezyas 6:7-12
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo