Eklezyas 1:1-18

Eklezyas 1:1-18 HAT98

Men pawòl filozòf la, pitit David, ki te wa nan Jerizalèm. Nan lavi a, anyen pa anyen, Non, anyen pa anyen nan lavi a. Se pawòl filozòf la. Tout bagay gen pou kaba. Yon moun te mèt pase tout lavi l ap travay di, ap bay kò l traka sou latè beni, kisa sa rapòte l? Moun fèt, moun mouri. Men sa pa deranje anyen sou latè. Solèy leve, solèy kouche. L'ap kouri tounen kote pou l leve a ankò. Van an soufle sòti nan nò desann nan sid. Apre sa, li vire sòti nan sid moute nan nò. Konsa, l'ap vire tounen nan menm chemen an san rete. Tout dlo larivyè desann nan lanmè, men lanmè pa janm plen. Dlo a tounen kote larivyè a te sòti a. Konsa, larivyè a pa janm sispann koule. Tout bagay ap vire won san rete. Pa gen pawòl ki ka di jan sa ye. Je pa janm bouke wè. Zòrèy pa janm bouke tande. Sa ki te rive anvan, se sa ki va rive apre. Sa yo te fè anvan an, se sa y'ap toujou fè. Pa gen anyen ki chanje sou latè beni. Menm lè nou di: ade! men yon bagay tou nouvo! Menm la, bagay la te deja la depi syèk tan anvan nou fèt. Pèsonn pa sonje sa ki te pase nan tan lontan. Konsa tou pita, pesonn p'ap sonje sa k'ap pase koulyeya. Mwen menm, nèg fò, mwen te wa peyi Izrayèl nan lavil Jerizalèm. Mwen te sòti pou m te fouye, pou m te egzaminen tou sa k'ap fèt sou latè nan tout ti detay yo. Travay Bondye bay moun fè sou latè a pa manke rèd. Mwen wè tou sa k'ap fèt sou latè. Yo tout se mouvman nil. Se rapousib van. Moun pa ka drese bwa ki fin kwochi. Moun pa ka konte ze nan vant poul. Mwen di nan kè mwen: Mwen vin grannèg. Mwen vin pi fò pase tout wa ki t'ap gouvènen lavil Jerizalèm anvan m yo. Mwen konnen sa ki rele gen konprann ak konesans. Mwen te soti pou m'te konnen diferans ki genyen ant moun ki gen bon konprann ak moun egare, ant moun ki gen konesans ak moun sòt. Men la ankò, mwen wè se rapousib van. Paske plis ou gen konprann, se plis ou nan tèt chaje. Plis ou konnen, se plis ou soufri.