Detewonòm 33

33
Moyiz beni pèp Izra yèl
1Men benediksyon Moyiz, sèvitè #Joz 14.6 Bondye a, te bay moun pèp Izrayèl yo anvan li mouri. 2Li #Jij 5.4; Da 7.10; Aba 3.3; Jid 14; Rev 5.11 di:
— Senyè a sòti mòn Sinayi,
li leve tankou solèy lòt bò peyi Seyi.
L'ap klere depi sou tèt mòn Paran an.
Li rive jouk Meriba nan peyi Kadès.
Sou bò dwat li yon flanm dife.
3Senyè a #Oze 11.1; Lik 10.39; Jan 10.27-29; Tra 22.3 renmen tout pèp sou latè.
Men, li pwoteje tout moun k'ap viv apa pou li.
Yo bese nan pye l.
Yo resevwa lòd l'ap ba yo.
4Moyiz #Jan 1.17; 7.19 ban nou lalwa.
Se yon byen li kite pou tout fanmi Jakòb la.
5Senyè a te wa nan mitan pèp Izrayèl la
lè tout chèf pèp la te reyini, lè tout branch fanmi pèp Izrayèl la te sanble.
6 # 33.6: Premye fraz vèsè sa a pa nan tèks ebre a. Men #Jen 49.3,4 sa li di pou branch fanmi Riben lan:
Se pou Riben viv lontan!
Fanmi li p'ap janm disparèt,
malgre li pa gen anpil moun.
7Men #Jen 49.8-12 sa li di pou branch fanmi Jida a:
Senyè, koute vwa moun fanmi Jida yo!
Fè yo mete tèt yo ansanm ankò ak rès pèp la.
Goumen pou yo, Senyè!
Se pou ou ede yo lè y'ap batay ak lènmi l yo.
8Men #Jen 49.5-7; Egz 17.7; 28.30; Nonb 20.13 sa li di pou branch fanmi Levi a:
Senyè! Se ou menm ki pou fè yo konnen volonte ou.
Y'ap sèvi ou san lage.
Ou te sonde yo bò Masa.
Ou te kenbe tèt ak yo bò sous dlo Meriba yo.
9Yo #Egz 32.26-29; Mal 2.4-6; Mat 10.37; Mak 10.29; Lik 14.26 pa konn papa! Yo pa konn manman!
Yo pa konn frè! Yo pa konn pitit!
Se lòd ou yo y'ap swiv,
se kontra ou la y'ap kenbe fèm.
10Y'a #Egz 30.7,8; Lev 10.11; Det 17.9-11; Sòm 51.19 moutre pitit Jakòb yo regleman ou yo.
Y'a moutre pitit Izrayèl yo lalwa ou la.
Y'a boule lansan devan ou,
y'a ofri sou lotèl bèt yo touye pou boule nèt pou ou.
11Senyè, #Sòm 20.3 ba yo anpil kouray!
Se pou yo fè ou plezi nan tou sa y'ap fè!
Kase ren moun ki pa vle wè yo.
Se pou lènmi l yo pa ka leve tèt ankò.
12Men #Jen 49.27 sa li di pou branch fanmi Benjamen an:
Se moun Senyè a renmen anpil. Y'a viv ak kè poze bò kote l.
Bondye ki anwo nan syèl la va toujou pwoteje yo,
la moute kay li nan mitan yo.
13Men #Jen 27.28; 49.22-26 sa li di pou branch fanmi Jozèf la:
Se pou Senyè a beni peyi ki pou yo a.
L'a voye bonkou lapli sot nan syèl la,
l'a fè sous dlo pete toupatou.
14L'a fè pyebwa ki donnen chak lanne bay bon rekòt.
L'a fè pyebwa ki donnen chak sezon bay bon fwi.
15L'a fè vye mòn yo bay bèl rekòt.
L'a fè vye tè mòn yo bay pi bon manje ki genyen.
16L'a #Egz 3.2-4 fè tè yo a bay tout kalite bon rekòt.
Bondye ki te pale nan touf raje a va ba yo favè l.
Se pou tout benediksyon sa yo tonbe sou tèt Jozèf, paske nan tout pitit papa li yo, se li menm yo te chwazi.
17Li #Jen 48.19; 1 Wa 22.11; Sòm 44.5 byen kanpe tankou premye pitit yon towo bèf.
L'ap gen fòs kouray yon bèf savann.
L'ap bat tout pèp ki sou latè ak kout kòn,
l'ap kouri dèyè yo jouk nan dènye bout latè.
Wi, se sa tout milyon moun Efrayim yo ak tout kantite moun Manase yo pral fè.
18Men #Jen 49.13-15 sa li di pou branch fanmi Zabilon an ak branch fanmi Isaka a:
Nou menm moun Zabilon yo, se pou trafik sou lanmè nou mache byen.
Nou menm moun Isaka yo, se pou kòmès n'ap fè lakay nou mache byen tou.
19Yo #Sòm 4.5; Eza 2.3 rele tout moun lòt nasyon yo vin sou mòn lan.
Se la y'a fè ofrann Bondye mande yo,
paske yo fè tout lajan yo sou lanmè,
nan kòmès yo fè sou lanmè ak nan trafik lakòt y'ap fè toupatou.
20Men #Jen 49.19 sa li di pou branch fanmi Gad la:
Lwanj pou Bondye ki bay Gad anpil tè pou l rete.
Gad kouche tankou yon lyon k'ap veye,
pou l dechire yon bra, yon tèt, yon figi.
21Yo #Nonb 32.1-5; 16.19; Joz 1.12-15; 4.12,13 pran pi bon venn tè a pou yo.
Se pòsyon tè ki toujou vin pou chèf.
Se yo k'ap mache devan pèp la.
Yo fè tou sa Senyè a te mande,
yo swiv tout regleman Senyè a te bay pèp Izrayèl la.
22Men #Jen 49.16-17; Joz 19.47; Jij 18.27 sa li di pou branch fanmi Dann lan:
Dann se yon jenn ti lyon
k'ap kouri sòti peyi Bazan.
23Men #Jen 49.21; Joz 19.32-39 sa li di pou branch fanmi Neftali a:
Neftali resevwa kont benediksyon l.
Senyè a fè l anpil anpil favè.
Pòsyon tè yo ap sòti bò letan an,
l'ap desann jouk nan pwent sid peyi a.
24Men #Jen 49.20; Jòb 29.6 sa li di pou branch fanmi Asè a:
Nan tout pitit Jakòb yo, benediksyon pou Asè!
Tout frè li yo ap renmen l.
Se pou tè li yo rich ak pye oliv.
25Se pou pòtay lavil li yo fèt ak fè ak asye,
pou li ka toujou viv ak kè poze.
26Pa #Egz 15.11; Sòm 68.33,34; 86.8; 104.3; Eza 19.1; Aba 3.8 gen tankou Bondye moun pèp Izrayèl la. #33.26: Izrayèl la: Nan tèks ebre a nou jwenn yon mo Jechouwoun yo sèvi pou Jakòb, ki te rele Izrayèl tou.
Li kouri sou nyaj yo nan syèl la
pou l vin pote yo sekou avèk fòs ponyèt li.
27Bondye #Sòm 90.1 ki la pou tout tan an ap pwoteje nou.
L'ap pran dèfans nou ak pouvwa li ki p'ap janm fini.
L'ap fè lènmi nou yo kouri met deyò devan nou,
l'ap ban nou lòd pou nou detwi yo nèt.
28Pèp #Nonb 23.9; Sòm 68.26; Eza 48.1; Jer 23.6 Izrayèl la ap viv ak kè poze.
Moun pèp Izrayèl yo p'ap viv tankou lòt nasyon yo.
Y'ap viv nan yon peyi k'ap bay anpil farin ak diven,
nan yon peyi kote ki p'ap janm manke lapli.
29Ala #Det 32.13; 2 Sam 7.23; Sòm 18.44; 33.20; 115.9; 144.15; Eza 45.17 bon sa bon pou nou, moun pèp Izrayèl!
Pa gen tankou nou!
Se Senyè a menm ki delivrans nou!
Se li ki pwoteksyon nou! Se li ki defans nou!
L'ap mache devan nou pou l fè nou genyen batay la.
Lènmi nou yo va vin mande padon nan pye nou.
Men nou menm, n'a kraze sa ki fè logèy yo a anba pye nou.

Chwazi Kounye ya:

Detewonòm 33: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an