Kolosyen 2

2
1Mwen vle fè nou konnen ki kalite batay m'ap mennen pou nou, pou tout moun ki nan lavil Lawodise ak pou tout lòt moun yo ki poko konn figi mwen. 2M'ap #Kol 1.26; Ef 3.18 goumen pou yo ka gen fòs ak kouray plen kè yo, pou yo fè yonn nan renmen Bondye a, pou yo gen yon bon konprann k'ap ba yo anpil konfyans devan Bondye. Konsa yo menm tou, y'a konnen sekrè travay Bondye a, ki vle di Kris la. 3Se #Eza 45.3; Pwo 2.3,4; Ef 3.19; 1 Kor 1.24,30 nan li tout richès ki nan bon konprann ak konesans Bondye a kache.
4Mwen #Wòm 16.18; Ef 4.17; 5.6 di nou sa pou nou pa kite pèsonn twonpe nou ak yon bann pawòl ki sanble verite. 5Paske #1 Kor 5.3; 14.40 si mwen pa la ak nou anpèsòn, mwen la annespri. Mwen kontan wè jan nou rete fèm, jan nou pa lage konfyans nou gen nan Kris la.
Lavi Kris la ban nou an
6Se #Ef 4.17 konsa, nou menm ki asepte Kris la pou Senyè nou an, se pou nou viv yon jan ki dakò ak li. 7Se #Ef 3.17; 2.20,22 pou nou anrasinen nan li, se pou nou bati tout lavi nou sou li. Kenbe pi fèm toujou nan konfyans nou gen nan li, jan yo te moutre nou sa, san nou pa janm sispann di Bondye mèsi.
8#Ef 5.6 atansyon pou nou pa kite pèsonn vire lòlòj nou ak bèl filozofi, ak vye diskisyon initil. Bagay sa yo soti nan koutim lèzòm genyen, nan jan yo konprann sa k'ap pase. Se pa bagay ki soti nan Kris. 9Tou #Jan 1.14,16 sa Bondye ye pran kò nan Kris la. 10Nou #Ef 1.21 menm tou, Bondye la nan tout lavi nou, paske n'ap viv nan Kris la ki chèf tout lespri ki gen otorite ak pouvwa.
11Nou #1 Pyè 3.21; Wòm 2.29 menm ki nan Kris la, nou te sikonsi tou, men se pa men lèzòm ki te sikonsi nou. Sikonsizyon pa nou an delivre nou anba kò peche a: se sa sikonsizyon Kris la ye. 12Wi, #Kol 3.1; Wòm 6.4; Ef 1.19,20 lè nou te batize se tankou nou te antere ak Kris la. Apre sa, nou leve soti vivan avèk li tou paske nou gen konfyans nan pouvwa Bondye ki te resisite li nan lanmò a. 13Nan #Ef 2.1,5 tan lontan, nou te mouri paske nou t'ap viv nan peche nou yo, paske nou pat sikonsi nan kò nou dapre lalwa Moyiz. Men kounyeya, gremesi Kris la, Bondye ban nou lavi ankò, li padonnen tout peche nou yo. 14Li #Ef 2.14,15; 1 Pyè 2.24 chire papye kote tou sa nou te dwe l yo ekri a. Papye sa a te kondannen nou devan lalwa. Kris la detwi l nèt lè li kloure l sou kwa a. 15Avèk #Kol 1.13 lanmò Kris sou lakwa, Bondye devide tout pouvwa ak tout otorite lespri yo te genyen nan lemonn. #2.15: Avèk lanmò Kris sou lakwa, Bondye devide tout pouvwa ak tout otorite lespri yo te genyen nan lemonn: Ou ankò Avèk mouri li mouri sou kwa a, Kris sòti anba tout pouvwa ak tout otirite lespri yo genyen nan lemonn. Li fè yo tounen rizib devan je tout moun. Li fè yo mare yo trennen yo mache devan kòtèj laviktwa Kris la.
16Se #Wòm 14.1-12 sa ki fè tou, pa okipe pesonn k'ap kritike nou pou sa n'ap manje, ni pou sa n'ap bwè, pou jou nou mete apa pou fèt yo, pou fèt lalin nouvèl, osinon pou yon jou saba. 17Tou #Eb 8.5; 10.1 sa se lonbray bagay ki te gen pou vini yo. Bagay tout bon yo se nan Kris la yo ye. 18Pa kite nou kraponnen devan moun nou wè k'ap sèvi zanj, ki swadizan p'ap vante tèt yo a. Moun konsa toujou ap mache rakonte vizyon yo fè. Yo gonfle ak lògèy poutèt yon bann lide lèzòm foure nan tèt yo. 19Moun #Ef 2.21; 4.15,16 konsa p'ap viv ansanm ak Kris la ki tèt kò a. Se Kris la k'ap nouri tout kò a, k'ap kenbe l byen kanpe ak tout jwenti l ak tout venn li yo byen solid. Se li menm k'ap fè l grandi jan Bondye vle l la.
Si nou mouri ansanm ak Kris la, n'a viv ansanm avè l tou
20Se #Gal 4.3,9 konsa, si nou mouri ansanm ak Kris la ki te delivre nou anba pouvwa lespri k'ap donminen nan lemonn yo, poukisa pou n'ap viv tankou si nou te toujou anba pouvwa ki nan lemonn yo? Poukisa pou nou kite yo soumèt nou anba prensip tankou sa ki di: 21pa #Gal 6.8 pran sa, pa goute sa, pa manyen sa? 22Tout #Eza 29.13; Mat 15.9 bagay sa yo, fini ou fin fè yo, yo pa fè anyen pou ou. Se lèzòm ki mande bagay konsa, se yo ki moutre bagay sa yo. 23Se #Wòm 13.14; 1 Tim 4.3 vre, bagay sa yo sanble yo bon, paske sa mande moun anpil volonte pou yo pran pòz sèvi zanj yo konsa, pou yo pran pòz pa vante tèt yo, pou yo fè bagay pou swadizan kraze pouvwa lachè nan kò yo. Men, tou sa pa vo anyen. Paske, atousa, yo pa ka rive donmennen egzijans lachè a.

Chwazi Kounye ya:

Kolosyen 2: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an