Tou sa Bondye ye pran kò nan Kris la. Nou menm tou, Bondye la nan tout lavi nou, paske n'ap viv nan Kris la ki chèf tout lespri ki gen otorite ak pouvwa. Nou menm ki nan Kris la, nou te sikonsi tou, men se pa men lèzòm ki te sikonsi nou. Sikonsizyon pa nou an delivre nou anba kò peche a: se sa sikonsizyon Kris la ye. Wi, lè nou te batize se tankou nou te antere ak Kris la. Apre sa, nou leve soti vivan avèk li tou paske nou gen konfyans nan pouvwa Bondye ki te resisite li nan lanmò a. Nan tan lontan, nou te mouri paske nou t'ap viv nan peche nou yo, paske nou pat sikonsi nan kò nou dapre lalwa Moyiz. Men kounyeya, gremesi Kris la, Bondye ban nou lavi ankò, li padonnen tout peche nou yo. Li chire papye kote tou sa nou te dwe l yo ekri a. Papye sa a te kondannen nou devan lalwa. Kris la detwi l nèt lè li kloure l sou kwa a. Avèk lanmò Kris sou lakwa, Bondye devide tout pouvwa ak tout otorite lespri yo te genyen nan lemonn. Li fè yo tounen rizib devan je tout moun. Li fè yo mare yo trennen yo mache devan kòtèj laviktwa Kris la.
Li Kolosyen 2
Koute Kolosyen 2
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Kolosyen 2:9-15
3 Days
If voices of insecurity, doubt, and fear are not confronted, they will dictate your life. You cannot silence these voices or ignore them. In this 3-day reading plan, Sarah Jakes Roberts shows you how to defy the limitations of your past and embrace the uncomfortable to become unstoppable.
4 Jou
Seri 4 Kriyati Vivan ki site nan Bib la, dekri karakteristik gloye Jezi ki nou dwe posede pou nou tounen Kretyen efikas. Pandan nou egzamine nati leon nan, nou pral aprann kijan pou n bay menm karakteristik sa yo nan lavi nou nan lespri.
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo