Nan tan lontan, nou te mouri paske nou t'ap viv nan peche nou yo, paske nou pat sikonsi nan kò nou dapre lalwa Moyiz. Men kounyeya, gremesi Kris la, Bondye ban nou lavi ankò, li padonnen tout peche nou yo. Li chire papye kote tou sa nou te dwe l yo ekri a. Papye sa a te kondannen nou devan lalwa. Kris la detwi l nèt lè li kloure l sou kwa a. Avèk lanmò Kris sou lakwa, Bondye devide tout pouvwa ak tout otorite lespri yo te genyen nan lemonn. Li fè yo tounen rizib devan je tout moun. Li fè yo mare yo trennen yo mache devan kòtèj laviktwa Kris la.
Se sa ki fè tou, pa okipe pesonn k'ap kritike nou pou sa n'ap manje, ni pou sa n'ap bwè, pou jou nou mete apa pou fèt yo, pou fèt lalin nouvèl, osinon pou yon jou saba. Tou sa se lonbray bagay ki te gen pou vini yo. Bagay tout bon yo se nan Kris la yo ye. Pa kite nou kraponnen devan moun nou wè k'ap sèvi zanj, ki swadizan p'ap vante tèt yo a. Moun konsa toujou ap mache rakonte vizyon yo fè. Yo gonfle ak lògèy poutèt yon bann lide lèzòm foure nan tèt yo. Moun konsa p'ap viv ansanm ak Kris la ki tèt kò a. Se Kris la k'ap nouri tout kò a, k'ap kenbe l byen kanpe ak tout jwenti l ak tout venn li yo byen solid. Se li menm k'ap fè l grandi jan Bondye vle l la.
Se konsa, si nou mouri ansanm ak Kris la ki te delivre nou anba pouvwa lespri k'ap donminen nan lemonn yo, poukisa pou n'ap viv tankou si nou te toujou anba pouvwa ki nan lemonn yo? Poukisa pou nou kite yo soumèt nou anba prensip tankou sa ki di: pa pran sa, pa goute sa, pa manyen sa? Tout bagay sa yo, fini ou fin fè yo, yo pa fè anyen pou ou. Se lèzòm ki mande bagay konsa, se yo ki moutre bagay sa yo. Se vre, bagay sa yo sanble yo bon, paske sa mande moun anpil volonte pou yo pran pòz sèvi zanj yo konsa, pou yo pran pòz pa vante tèt yo, pou yo fè bagay pou swadizan kraze pouvwa lachè nan kò yo. Men, tou sa pa vo anyen. Paske, atousa, yo pa ka rive donmennen egzijans lachè a.