Amòs 7:1-9

Amòs 7:1-9 HAT98

Se konsa Senyè a, Bondye a, fè m fè yon vizyon. Nan vizyon an mwen wè Senyè a t'ap fè yon rafal krikèt vèt. Se te nan epòk yo te fin koupe pòsyon pa wa a nan jaden yo. Chouk plant yo te fenk ap boujonnen ankò. Lè krikèt vèt yo te fin manje plant ki te nan peyi a, mwen di: — Tanpri, Senyè, Bondye, padonnen pèp ou a. Ki jan pou pitit pitit Jakòb yo fè kanpe ankò? Yo tou fèb. Senyè a chanje lide. Li di: — Sa ou te wè a p'ap rive ankò. Se konsa, Senyè a, Bondye a, fè m fè yon lòt vizyon. Nan vizyon an, mwen wè Senyè a t'ap voye yon dife pou l devore pèp la pou pini l. Dife a te fin boule gwo lanmè ki anba tè a, li t'ap devore tout jaden. Mwen di: — Tanpri, Senyè, Bondye, pa fè sa. Ki jan pou pitit pitit Jakòb yo fè kanpe ankò? Yo tou fèb. Senyè a chanje lide, li di: — Sa a tou p'ap rive. Se konsa, Senyè a fè m fè yon lòt vizyon ankò. Nan vizyon an, mwen wè Senyè a te kanpe bò yon miray yo te moute tou dwat. Li te gen yon filaplon nan men l. Lè sa a, Senyè a mande m: — Kisa ou wè la a, Amòs? Mwen reponn li: — Yon filaplon. Lè sa a, li di m: — M'ap sèvi ak filaplon sa a pou m fè pèp la konnen li tankou yon miray ki panche prèt pou tonbe. Mwen p'ap fè pa yo ankò. Mwen pral kraze tout kote pitit pitit Izarak yo te konn adore m sou mòn yo. Mwen pral fè tout kay pitit pitit Izrayèl yo te mete apa pou mwen yo tounen mazi. M'ap fè lagè ak fanmi Jewoboram lan, m'ap wete gouvènman an nan men yo.