Amòs 2:1-3

Amòs 2:1-3 HAT98

Senyè a di konsa: Moun lavil Mowab yo ap plede fè peche sou peche san rete. Mwen fin pran desizyon m, mwen p'ap chanje lide. Yo pa respekte zosman wa Edon an. Yo boule yo fè yo tounen sann. M'ap voye dife nan peyi Mowab la. L'a boule gwo kay lavil Keriyòt yo ra tè. Moun Mowab yo ap mouri nan mitan batay la, antan moun k'ap goumen yo ap rele byen fò, epi klewon ap kònen. M'ap touye chèf k'ap gouvènen nan mitan yo ansanm ak tout lòt chèf ki nan peyi a. Se Senyè a menm ki di sa.