Se pou sa, frè m' yo, chwazi sèt nèg pami nou ki gen bon repitasyon, ki anba pouvwa Sentespri, ki gen bon konprann sou yo. N'a ba yo reskonsab sèvis sa a. Konsa nou menm, n'a toujou bay tout tan nou pou lapriyè, ak pou fè moun konnen pawòl Bondye a. Tout gwoup la te dakò avèk lide sa a. Yo chwazi Etyèn, yon nonm ki te gen anpil konfyans nan Bondye epi ki te anba pouvwa Sentespri, Filip, Pwokò, Nikanò, Timon, Pamenas ak Nikola, yon nonm lavil Antyòch ki te konvèti nan relijyon jwif yo. Yo mennen yo bay apòt yo. Apòt yo lapriyè epi yo mete men sou tèt yo. Pawòl Bondye a t'ap gaye. Disip yo t'ap vin pi plis toujou nan Jerizalèm. Menm pami prèt yo, te gen anpil ki te asepte kwè pawòl la.
Li Travay 6
Koute Travay 6
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Travay 6:3-7
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo