Travay 6:3-7
Travay 6:3-7 1998 Haïtienne (HAT98)
Se pou sa, frè m' yo, chwazi sèt nèg pami nou ki gen bon repitasyon, ki anba pouvwa Sentespri, ki gen bon konprann sou yo. N'a ba yo reskonsab sèvis sa a. Konsa nou menm, n'a toujou bay tout tan nou pou lapriyè, ak pou fè moun konnen pawòl Bondye a. Tout gwoup la te dakò avèk lide sa a. Yo chwazi Etyèn, yon nonm ki te gen anpil konfyans nan Bondye epi ki te anba pouvwa Sentespri, Filip, Pwokò, Nikanò, Timon, Pamenas ak Nikola, yon nonm lavil Antyòch ki te konvèti nan relijyon jwif yo. Yo mennen yo bay apòt yo. Apòt yo lapriyè epi yo mete men sou tèt yo. Pawòl Bondye a t'ap gaye. Disip yo t'ap vin pi plis toujou nan Jerizalèm. Menm pami prèt yo, te gen anpil ki te asepte kwè pawòl la.
Travay 6:3-7 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
C’est pourquoi, frères, choisissez parmi vous sept hommes que tout le monde respecte, remplis d’Esprit Saint et de sagesse. Nous leur confierons le service des repas et nous, nous continuerons fidèlement à prier et à annoncer la parole de Dieu. » L’assemblée entière est d’accord avec eux. On choisit Étienne, un homme rempli de foi et d’Esprit Saint. On choisit aussi Philippe, Procore, Nicanor, Timon, Parménas et Nicolas, un homme d’Antioche de Syrie, qui obéit à la loi de Moïse. On les amène devant les apôtres. Les apôtres prient pour eux en posant les mains sur leur tête. La parole de Dieu est de plus en plus connue. À Jérusalem, il y a de plus en plus de disciples. De très nombreux prêtres juifs croient en Jésus.
Travay 6:3-7 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Kidonk, frè nou yo, se pou nou chwazi sèt (7) frè pami nou ki gen bon repitasyon, ki anba pouvwa Sentespri a epi ki gen anpil sajès. Nou menm apot yo, n a mete moun nou chwazi yo responsab sèvis sa a. Konsa, nou menm, n ap kapab itilize tout tan nou pou n lapriyè epi anseye mesaj Bondye a.” Tout foul la te dakò nèt ak sa Apot yo te di a. Konsa, yo chwazi Etyèn, yon nonm ki te gen anpil lafwa nan Bondye epi ki te anba pouvwa Sentespri a. Anplis, yo te chwazi Filip, Pwokò, Nikanò, Timon, Pamenas, ak Nikola. Nikola sa a se te yon moun lavil Antyòch ki te konvèti nan relijyon Jwif yo, anvan menm li te kwè nan Jezikris. Yo prezante mesye yo devan apot yo. Apot yo lapriyè epi yo mete men sou tèt mesye yo. Ansèyman mesaj Bòn Nouvèl la te kontinye gaye toupatou. Epi gwoup kwayan nan Jerizalèm yo pa t sispann ogmante. Ata sakrifikatè yo te vin mete konfyans yo nan Kris la pa ban ak pa pakèt.
Travay 6:3-7 New International Version (NIV)
Brothers and sisters, choose seven men from among you who are known to be full of the Spirit and wisdom. We will turn this responsibility over to them and will give our attention to prayer and the ministry of the word.” This proposal pleased the whole group. They chose Stephen, a man full of faith and of the Holy Spirit; also Philip, Procorus, Nicanor, Timon, Parmenas, and Nicolas from Antioch, a convert to Judaism. They presented these men to the apostles, who prayed and laid their hands on them. So the word of God spread. The number of disciples in Jerusalem increased rapidly, and a large number of priests became obedient to the faith.
Travay 6:3-7 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
C’est pourquoi, frères, choisissez parmi vous sept hommes réputés dignes de confiance, remplis du Saint-Esprit et de sagesse. Nous les chargerons de ce travail. Cela nous permettra de nous consacrer à la prière et au service de l’enseignement. Cette proposition convint à tous les disciples ; ils élurent Etienne, un homme plein de foi et d’Esprit Saint, ainsi que Philippe, Prochore, Nicanor, Timon, Parménas et Nicolas, un non-Juif originaire d’Antioche qui s’était converti au judaïsme. Ils les présentèrent aux apôtres qui prièrent pour eux et leur imposèrent les mains. La Parole de Dieu se répandait toujours plus. Le nombre des disciples s’accroissait beaucoup à Jérusalem. Et même de nombreux prêtres obéissaient à la foi.