Travay 4:1-13
Travay 4:1-13 HAT98
Antan Pyè ak Jan t'ap pale ak pèp la, prèt yo, kòmandan lagad tanp lan ak sadiseyen yo vin rive. Yo te fache anpil dèske apòt yo t'ap moutre pèp la anpil bagay, dèske yo t'ap anonse yo moun mouri kapab leve menm jan Jezi te leve sòti vivan nan lanmò. Yo arete yo, yo mete yo nan prizon pou jouk nan denmen paske solèy te fin kouche. Men, anpil moun ki te tande pawòl la te kwè. Lè sa a, te gen senkmil (5.000) moun konsa ki te kwè. Nan denmen, chèf jwif yo, chèf fanmi yo ak dirèktè lalwa yo sanble nan Jerizalèm. Ladan yo te gen: Àn, granprèt la, Kayif, Jan, Aleksann ansanm ak fanmi granprèt la. Yo fè mennen apòt yo devan yo, epi yo mande yo: — Kote n pran pouvwa pou fè bagay sa a? Ki moun ki ban nou dwa fè sa? Lè sa a, Pyè vin anba pouvwa Sentespri, li di yo: — Mesye chèf pèp la ak chèf fanmi yo: Jòdi a y'ap poze nou kèsyon sou yon byen nou fè pou yon enfim, y'ap mande nou ki jan nonm sa a fè geri. Nou tout ki la a ansanm ak tout pèp Izrayèl la, nou fèt pou nou konn sa: si nonm sa a kanpe devan nou tou gaya, se gremesi Jezikri, moun Nazarèt nou te kloure sou kwa a, men ki leve vivan sòti nan lanmò ak pouvwa Bondye. Se Jezi menm yo t'ap pale nan pawòl sa a ki ekri nan liv la: Wòch nou te voye jete lè nou t'ap bati a, se li menm ki tounen wòch ki kenbe kay la. Se li menm sèl ki ka bay delivrans paske Bondye pa bay non okenn lòt moun sou latè ki kapab delivre nou. Manm Gran Konsèy yo te sezi anpil lè yo wè ki jan Pyè ak Jan te gen konviksyon nan sa yo t'ap di, paske yo te vin konnen mesye sa yo se moun ki sòti nan mas pèp la, ki pat resevwa okenn enstriksyon. Chèf yo te rekonèt yo tou pou moun ki te toujou avèk Jezi.

