— Frè m yo, grandèt mwen yo, koute sa m pral di nou kounyeya pou defann tèt mwen. Lè yo tande l ap pale ebre, yo rete byen dousman. Epi Pòl di yo: — Se jwif mwen ye. Mwen fèt lavil Tas nan peyi Silisi. Men, se isit lavil Jerizalèm mwen grandi. Se Gamalyèl ki te pwofesè mwen. Se li menm ki te moutre m tout ti detay nan Lalwa zansèt nou yo. Mwen menm tou, yon lè mwen te gen zèl nou gen kounyeya pou Bondye. Mwen te pèsekite moun ki t'ap swiv chemen Bondye a jouk pou m te touye yo. Fanm kou gason, mwen te arete tout moun mete nan prizon. Granprèt la ak chèf fanmi yo ki reyini la a, yo ka sètifye sa m'ap di la a se vre. Se yo menm menm ki te ban m lèt otorizasyon pou frè jwif lavil Damas yo. Mwen ta pral arete mezi disip ki te la, mennen yo Jerizalèm pou fè regle yo. — Mwen te sou wout la toupre Damas, lè m rete konsa yon gwo limyè sòti nan syèl la, li klere tout kote m te ye a. Lè sa a, li te bò midi konsa. Mwen tonbe atè, epi m tande yon vwa ki di m: Sòl, Sòl, poukisa w'ap pèsekite mwen konsa? Mwen mande: Ki moun ou ye, Senyè? Epi li di mwen: Mwen se Jezi, moun Nazarèt, w'ap pèsekite a. Moun ki te la avè m yo te wè limyè a tou, men yo pat tande vwa ki t'ap pale avè m lan. Lè sa a, mwen mande: Kisa pou m fè, Senyè? Senyè a di mwen: Leve, ale lavil Damas. Se la y'a di ou tou sa Bondye va ba ou lòd fè. Limyè a te tèlman klere, mwen te vin avèg. Se kanmarad mwen yo ki pran men m ki mennen m Damas.
Li Travay 22
Koute Travay 22
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Travay 22:1-11
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo