Travay 22:1-11

Travay 22:1-11 1998 Haïtienne (HAT98)

— Frè m yo, grandèt mwen yo, koute sa m pral di nou kounyeya pou defann tèt mwen. Lè yo tande l ap pale ebre, yo rete byen dousman. Epi Pòl di yo: — Se jwif mwen ye. Mwen fèt lavil Tas nan peyi Silisi. Men, se isit lavil Jerizalèm mwen grandi. Se Gamalyèl ki te pwofesè mwen. Se li menm ki te moutre m tout ti detay nan Lalwa zansèt nou yo. Mwen menm tou, yon lè mwen te gen zèl nou gen kounyeya pou Bondye. Mwen te pèsekite moun ki t'ap swiv chemen Bondye a jouk pou m te touye yo. Fanm kou gason, mwen te arete tout moun mete nan prizon. Granprèt la ak chèf fanmi yo ki reyini la a, yo ka sètifye sa m'ap di la a se vre. Se yo menm menm ki te ban m lèt otorizasyon pou frè jwif lavil Damas yo. Mwen ta pral arete mezi disip ki te la, mennen yo Jerizalèm pou fè regle yo. — Mwen te sou wout la toupre Damas, lè m rete konsa yon gwo limyè sòti nan syèl la, li klere tout kote m te ye a. Lè sa a, li te bò midi konsa. Mwen tonbe atè, epi m tande yon vwa ki di m: Sòl, Sòl, poukisa w'ap pèsekite mwen konsa? Mwen mande: Ki moun ou ye, Senyè? Epi li di mwen: Mwen se Jezi, moun Nazarèt, w'ap pèsekite a. Moun ki te la avè m yo te wè limyè a tou, men yo pat tande vwa ki t'ap pale avè m lan. Lè sa a, mwen mande: Kisa pou m fè, Senyè? Senyè a di mwen: Leve, ale lavil Damas. Se la y'a di ou tou sa Bondye va ba ou lòd fè. Limyè a te tèlman klere, mwen te vin avèg. Se kanmarad mwen yo ki pran men m ki mennen m Damas.

Travay 22:1-11 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

« Frères et pères, écoutez ce que je vais dire maintenant pour me défendre. » Quand ils entendent Paul parler dans leur langue, ils sont encore plus calmes. Paul continue : « Je suis juif. Je suis né à Tarse en Cilicie, mais j’ai été élevé ici, à Jérusalem, et j’ai eu Gamaliel comme maître. Il m’a enseigné de façon très exacte la loi de nos ancêtres. J’étais plein d’ardeur pour Dieu, comme vous tous aujourd’hui. J’ai fait souffrir jusqu’à la mort ceux qui suivaient le chemin de Jésus. J’ai fait arrêter et jeter en prison des hommes et des femmes. Le grand-prêtre et tout le Conseil des anciens peuvent dire que c’est vrai. En effet, ils m’ont donné des lettres d’autorisation pour les frères juifs de Damas. Alors, je suis parti pour arrêter les chrétiens qui étaient là-bas, pour les emmener à Jérusalem et les faire punir. » « J’étais en route et j’approchais de Damas. Tout à coup, vers midi, une grande lumière venant du ciel a brillé autour de moi. Je suis tombé par terre et j’ai entendu une voix qui me disait : “Saul, Saul, pourquoi est-ce que tu me fais souffrir ?” J’ai demandé : “Seigneur, qui es-tu ?” La voix m’a répondu : “Je suis Jésus de Nazareth, c’est moi que tu fais souffrir.” Ceux qui étaient avec moi voyaient la lumière, mais ils n’entendaient pas celui qui me parlait. J’ai demandé : “Seigneur, qu’est-ce que je dois faire ?” Le Seigneur m’a répondu : “Relève-toi, va à Damas, et là, on te dira tout ce que tu dois faire.” J’étais devenu aveugle à cause de cette lumière si brillante. Alors ceux qui m’accompagnaient m’ont pris par la main et ils m’ont conduit à Damas.

Travay 22:1-11 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Pòl di foul la: “Frè m yo, grandèt mwen yo, koute sa m gen pou m di nou, pou m defann tèt mwen.” Lè Jwif yo tande Pòl ap pale avèk yo nan lang Ebre, yo double silans lan, epi Pòl di yo: “Mwen se yon Jwif, ki te fèt nan lavil Tas, nan peyi Silisi. Men se isit la menm, nan vil sa a mwen grandi. Se elèv Gamalyèl mwen te ye. Se li menm ki te anseye m tout bagay konsènan lalwa zansèt nou yo. M te toujou gen anpil zèl pou sèvi Bondye, menm jan sa ye pou nou menm jodi a. Mwen te pèsekite moun ki t ap swiv chemen Kris la. Gen ladan yo yo touye poutèt mwen menm. Mwen te konn mache arete fi kou gason pou mete yo nan prizon. Gran prèt la ansanm ak tout asanble Gran Konsèy lidè Jwif yo kapab sètifye sa m ap di a. Se lidè sa yo menm ki te ban m lèt pou prezante m bay kòlèg Jwif ki nan lavil Damas yo. M t apral Damas pou m al arete disip Jezikris yo, pou m te vin avèk yo nan Jerizalèm pou yo te ka pini yo. Men, te gen yon bagay ki te rive m sou wout pandan m t apral Damas la. Sanzatann konsa, bò midi, yon gwo limyè sot nan syèl la, li klere m toutotou. M sot tonbe atè, epi m tande yon vwa ki di m: Sòl, Sòl, poukisa w ap pèsekite m? Mwen reponn: Ki lès ou ye Senyè? Epi li reponn mwen: Se mwen menm, Jezi, nonm Nazarèt la, w ap pèsekite a. Moun ki t ap vwayaje avè m yo te wè limyè a, men yo pa t tande vwa ki t ap pale avè m nan. Mwen reponn vwa a: Ki sa pou m fè Senyè? Senyè a reponn: Leve, antre nan vil Damas la. Lè w rive la, y a di w tout sa m gentan planifye pou ou, pou w fè. M pa t ka wè anyen, paske gwo limyè a te rann mwen avèg. Se moun ki te avè m yo ki pran men m, yo kondui m antre nan vil Damas la.

Travay 22:1-11 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

– Mes frères et mes pères, dit-il, écoutez, je vous prie, ce que j’ai à vous dire pour ma défense. Lorsqu’ils l’entendirent parler en hébreu, le calme se fit plus grand encore. Paul reprit : Je suis juif. Je suis né à Tarse en Cilicie, mais j’ai été élevé ici à Jérusalem. C’est Gamaliel qui fut mon maître ; il m’a enseigné avec une grande exactitude la Loi de nos ancêtres, et j’étais un partisan farouche de la cause de Dieu, comme vous l’êtes tous aujourd’hui. J’ai combattu à mort ce qu’on appelle la Voie, en faisant enchaîner et jeter en prison des hommes et des femmes. Le grand-prêtre et tout le Conseil des responsables du peuple peuvent témoigner que je dis vrai. Car c’est d’eux, précisément, que j’avais reçu des lettres de recommandation pour nos frères. Je suis alors parti pour Damas, bien résolu à faire enchaîner et à ramener à Jérusalem, afin de les faire punir, tous les adhérents de cette Voie que je trouverais là-bas. Comme j’étais en chemin et que j’approchais de Damas, tout à coup, vers midi, une vive lumière a resplendi du ciel et m’a enveloppé. Je suis tombé à terre et j’ai entendu une voix qui me demandait : « Saul, Saul, pourquoi me persécutes-tu ? » Je me suis écrié : « Qui es-tu Seigneur ? » Alors la voix m’a dit : « Je suis, moi, Jésus de Nazareth, que tu persécutes. » Ceux qui étaient avec moi ont bien vu la lumière, mais n’ont pas compris celui qui me parlait. J’ai demandé : « Que dois-je donc faire, Seigneur ? » Et le Seigneur m’a dit : « Relève-toi, va à Damas, et là, on te dira tout ce que tu devras faire ! » Mais je n’y voyais plus : l’éclat de cette lumière m’avait aveuglé. Alors mes compagnons m’ont pris par la main pour me conduire, et c’est ainsi que je suis arrivé à Damas.