2 Timote 2:1-21

2 Timote 2:1-21 HAT98

Ou menm, pitit mwen, pran fòs kouray nan favè nou resevwa nan lavi n'ap mennen ansanm ak Jezikri a. Sa ou te tande m di ou devan anpil temwen, se pou ou renmèt yo bay lòt moun serye ou konnen ki ka moutre lòt moun yo tou. Tankou yon bon sòlda Jezikri, asepte tout soufrans ki vin pou ou. Lè yon sòlda desèvis, li pa pral chaje tèt li ak pwoblèm lavi si li vle fè chèf li plezi. Lè yon atlèt nan yon konkou, li p'ap genyen si li pa respekte règ jwèt la. Kiltivatè ki travay di a, se li menm an premye ki pou resevwa pa l nan rekòt la. Fè tèt ou travay sou sa m ap di ou la a. Senyè a va fè ou konprann tout bagay. Toujou chonje pitit pitit David la, Jezikri, ki te leve sòti vivan nan lanmò, jan sa di nan bòn nouvèl la. Se paske m'ap anonse bòn nouvèl sa a kifè m'ap soufri konsa, kifè mwen nan prizon tankou yon malfektè. Men, pawòl Bondye a pa nan chenn. Se poutèt sa m'ap sipòte bagay sa yo pou sa ka tounen yon byen pou moun Bondye chwazi yo, pou yo menm tou yo ka delivre gremesi Jezikri, pou yo ka resevou a bèl pouvwa ki la pou tout tan an. Sa se pawòl sèten nèt: Si nou mouri avèk li, Avèk li tou, nou va viv. Si nou kenbe san lage, N'ap gouvènen ak li nan wayòm li. Si nou vire do ba li, L'ape vire do ban nou tou. Si nou pa kenbe pawòl nou, L'ap toujou kenbe pawòl li, Bondye p'ap demanti tèt li. Fè tout moun chonje bagay sa yo. Pran Bondye pou temwen, pale yo pou yo pa diskite sou mo. Diskisyon sa yo pa rapòte anyen. Se pèdi y'ap pèdi moun ki koute yo. Fè jefò pou ou ka resevwa lwanj nan men Bondye tankou yon travayè ki pa wont travay li fè, yon travayè ki fè konnen pawòl verite Bondye a jan l ye a. Evite tout pawòl san sans ki pa kadre ak verite lafwa a. Moun k'ap fè vye diskisyon sa yo, se kouri y'ap kouri pi lwen Bondye chak jou. Pawòl y'ap di yo, se tankou yon maladi k'ap manje tout kò yo. Nan moun sa yo gen Imene ak Filèt. Yo tou de vire do bay verite a, y'ap plede fè anpil lòt moun pèdi konfyans nan Bondye. Y'ap mache di: Nou leve sòti vivan nan lanmò deja. Men, pa pè. Fondasyon solid Bondye te mete a, li la toujou. Men pawòl nou jwenn make sou li: Mèt la konnen moun ki moun pa li. Tout moun ki di se pou Senyè a y'ap viv, se pou yo sispann fè sa ki mal. Nan yon gwo kay, gen tout kalite veso: genyen ki fèt an lò osinon an lajan, genyen ki fèt an bwa osinon an tè. Gen ladan yo ki sèvi pou okazyon espesyal. Gen lòt se pou sèvis òdinè. Si yon moun kenbe tèt li pwòp pou li pa fè sa ki mal, y'a fè li fè yon travay espesyal. Paske lè sa a, l'ap mete tèt li apa nèt pou Mèt li. L'a itil Mèt la, li pare pou li fè nenpòt bagay ki byen.