2 Timote 2:1-21

2 Timote 2:1-21 1998 Haïtienne (HAT98)

Ou menm, pitit mwen, pran fòs kouray nan favè nou resevwa nan lavi n'ap mennen ansanm ak Jezikri a. Sa ou te tande m di ou devan anpil temwen, se pou ou renmèt yo bay lòt moun serye ou konnen ki ka moutre lòt moun yo tou. Tankou yon bon sòlda Jezikri, asepte tout soufrans ki vin pou ou. Lè yon sòlda desèvis, li pa pral chaje tèt li ak pwoblèm lavi si li vle fè chèf li plezi. Lè yon atlèt nan yon konkou, li p'ap genyen si li pa respekte règ jwèt la. Kiltivatè ki travay di a, se li menm an premye ki pou resevwa pa l nan rekòt la. Fè tèt ou travay sou sa m ap di ou la a. Senyè a va fè ou konprann tout bagay. Toujou chonje pitit pitit David la, Jezikri, ki te leve sòti vivan nan lanmò, jan sa di nan bòn nouvèl la. Se paske m'ap anonse bòn nouvèl sa a kifè m'ap soufri konsa, kifè mwen nan prizon tankou yon malfektè. Men, pawòl Bondye a pa nan chenn. Se poutèt sa m'ap sipòte bagay sa yo pou sa ka tounen yon byen pou moun Bondye chwazi yo, pou yo menm tou yo ka delivre gremesi Jezikri, pou yo ka resevou a bèl pouvwa ki la pou tout tan an. Sa se pawòl sèten nèt: Si nou mouri avèk li, Avèk li tou, nou va viv. Si nou kenbe san lage, N'ap gouvènen ak li nan wayòm li. Si nou vire do ba li, L'ape vire do ban nou tou. Si nou pa kenbe pawòl nou, L'ap toujou kenbe pawòl li, Bondye p'ap demanti tèt li. Fè tout moun chonje bagay sa yo. Pran Bondye pou temwen, pale yo pou yo pa diskite sou mo. Diskisyon sa yo pa rapòte anyen. Se pèdi y'ap pèdi moun ki koute yo. Fè jefò pou ou ka resevwa lwanj nan men Bondye tankou yon travayè ki pa wont travay li fè, yon travayè ki fè konnen pawòl verite Bondye a jan l ye a. Evite tout pawòl san sans ki pa kadre ak verite lafwa a. Moun k'ap fè vye diskisyon sa yo, se kouri y'ap kouri pi lwen Bondye chak jou. Pawòl y'ap di yo, se tankou yon maladi k'ap manje tout kò yo. Nan moun sa yo gen Imene ak Filèt. Yo tou de vire do bay verite a, y'ap plede fè anpil lòt moun pèdi konfyans nan Bondye. Y'ap mache di: Nou leve sòti vivan nan lanmò deja. Men, pa pè. Fondasyon solid Bondye te mete a, li la toujou. Men pawòl nou jwenn make sou li: Mèt la konnen moun ki moun pa li. Tout moun ki di se pou Senyè a y'ap viv, se pou yo sispann fè sa ki mal. Nan yon gwo kay, gen tout kalite veso: genyen ki fèt an lò osinon an lajan, genyen ki fèt an bwa osinon an tè. Gen ladan yo ki sèvi pou okazyon espesyal. Gen lòt se pou sèvis òdinè. Si yon moun kenbe tèt li pwòp pou li pa fè sa ki mal, y'a fè li fè yon travay espesyal. Paske lè sa a, l'ap mete tèt li apa nèt pou Mèt li. L'a itil Mèt la, li pare pou li fè nenpòt bagay ki byen.

2 Timote 2:1-21 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Toi, mon fils, cherche à devenir toujours plus fort grâce à l’amour du Christ Jésus. Ce que tu m’as entendu enseigner devant de nombreux témoins, confie-le à des gens sûrs. Ils doivent être capables eux-mêmes de l’enseigner aussi à d’autres. Prends ta part de souffrance, comme un bon soldat du Christ Jésus. Un soldat qui sert dans l’armée et qui veut plaire à son chef ne s’occupe pas des affaires de la vie civile. Un sportif ne peut gagner le prix que s’il joue selon les règles. Les fruits de la récolte sont d’abord pour le cultivateur qui a beaucoup travaillé. Réfléchis à ce que je dis, et le Seigneur te fera tout comprendre. Souviens-toi de Jésus-Christ : il s’est réveillé de la mort, il est né dans la famille de David, son ancêtre, selon la Bonne Nouvelle que j’annonce. À cause de cette Bonne Nouvelle, je souffre et je suis même attaché avec des chaînes comme un bandit. Mais la parole de Dieu n’est pas enchaînée. C’est pourquoi je supporte tout pour ceux que Dieu a choisis. Alors, eux aussi seront sauvés par le Christ Jésus, et ainsi ils auront la gloire qui dure toujours. Voici une parole sûre : si nous sommes morts avec le Christ, avec lui nous vivrons. Si nous résistons, avec lui, nous serons rois. Si nous le rejetons, lui aussi nous rejettera. Si nous ne sommes pas fidèles, lui, il reste fidèle. En effet, il ne peut pas faire le contraire de ce qu’il dit. Rappelle cela à tous. Devant Dieu, demande-leur avec force de ne pas se battre sur les mots. Cela ne sert à rien, sauf à démolir ceux qui écoutent. Tâche de te présenter à Dieu comme un homme solide, un ouvrier qui peut être content de son travail et qui annonce correctement la vraie Parole de Dieu. Évite les discours creux et contraires à la foi. Oui, ceux qui les font s’éloigneront de Dieu de plus en plus. Leurs discours seront comme une plaie infectée qui s’élargit. Parmi ces gens-là, il y a Himéné et Philète. Ils se sont éloignés de la vérité. Ils disent que Dieu nous a déjà relevés de la mort et ainsi, ils renversent la foi de certains. Pourtant, les solides fondations que Dieu a posées résistent. Voici les paroles qui sont écrites sur elles : « Le Seigneur connaît ceux qui sont à lui. » Et encore : « Celui qui dit : J’appartiens au Seigneur, doit s’éloigner du mal. » Dans une belle maison, il n’y a pas seulement des plats en or et en argent, il y a aussi des plats en bois et en terre. Les uns servent les jours de fête, les autres servent tous les jours. Celui qui se débarrasse de ces enseignements faux, il ressemble à un plat qu’on utilise les jours de fête. On le gardera pour le Seigneur. Il sera utile à son maître et il servira pour faire tout ce qui est bien.

2 Timote 2:1-21 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Timote, ou se yon pitit gason pou mwen. Se pou w chache vin pi solid toujou nan gras ak nan lanmou Jezikris la. Sa w tande m anseye devan tout moun, se pou w anseye lòt moun menm bagay yo. Pataje yo ak moun de konfyans ki gen kapasite pou anseye lòt moun menm bagay yo. Menm jan ak yon bon sòlda pou Jezikris, se pou ou aksepte pòsyon soufrans pa nou an. Yon sòlda dwe toujou obeyi kòmandan ki chèf li. Konsa, li pa pase tan l nan bagay ki pa gen rapò ak responsabilite l. Atlèt k ap kouri yo, yo dwe respekte tout règ yo, pou yo genyen laviktwa. Kiltivatè k ap travay di, se li ki dwe premye pou jwenn benefis rekòlt la. Panse sou sa m di w la a. Epi Senyè a ap ede w konprann tout bagay. Sonje Jezikris soti nan ras fanmi David, dapre Levanjil m ap preche a, li leve soti vivan nan lanmò. Se poutèt Levanjil sa a, mwen anba soufrans sa yo, mwen menm rive pran prizon kòm yon malveyan. Men mesaj Bondye a pa nan prizon. Se poutèt sa, mwen anba soufrans sa yo, poutèt moun Bondye chwazi yo, pou yo menm tou kapab rive nan delivrans ki genyen nan Jezikris la, ansanm avèk yon laglwa san fen. Men sa ki sèten: Si nou mouri avèk Kris, n ap viv ansanm avè l tou. Si nou rete fidèl menm nan soufrans, n ap renye avè l tou. Si nou refize di nou konnen l, l ap refize di li konnen nou tou. Si nou pa fidèl, li menm, l ap toujou rete fidèl, paske li pa kapab nye pwòp tèt li. Fè tout moun sonje sa. Devan Bondye, se pou w rekòmande moun yo avèk fòs pou yo pa batay sou yon seri de mo. Sa p ap sèvi anyen, sa ap fin demoli moun k ap koute yo sèlman. Ou menm, fè tout sa w kapab pou w prezante w san repwòch devan Bondye, yon moun k ap travay pou Bondye, ki kontan nan sa l ap fè epi k ap preche mesaj Bondye korèkteman. Pa antre nan vye diskou ki pa gen okenn sans, ki pa ale nan menm sans ak lafwa. Wi, moun konsa, se moun k ap ale pi lwen Bondye tanzantan. Move ansèyman yo ap vale tèren menm jan ak yon maladi ki anndan yon kò. M ap pale de Imene ak Filèt: Yo vire ale lwen verite a epi y ap kraze lafwa plizyè moun, lè y ap di rezireksyon an gentan rive deja. Poutan, fondasyon Bondye plante a p ap janm ranvèse, men sa ki ekri sou sa: “Senyè a konnen moun ki moun pa l yo”. Men kèk lòt pawòl ankò: Nenpòt moun ki di yo kwè nan Senyè a, li dwe sispann fè sa ki mal. Nan yon gwo kay, genyen bagay ki fèt an ò, gen lòt ki an lajan. Men tou, genyen bagay ki fèt avèk bwa, lòt avèk tè ajil. Kèk nan bagay sa yo, yo la pou itilize nan moman espesyal, lòt yo pou itilizasyon òdinè. Senyè a vle itilize w pou moman espesyal yo. Poutèt sa, netwaye lavi w, retire tout sa k pa bon. Lè sa a, ou va san peche, epi Mèt la va kapab itilize w. Ou va prèt pou fèt tout sa ki byen.

2 Timote 2:1-21 New International Version (NIV)

You then, my son, be strong in the grace that is in Christ Jesus. And the things you have heard me say in the presence of many witnesses entrust to reliable people who will also be qualified to teach others. Join with me in suffering, like a good soldier of Christ Jesus. No one serving as a soldier gets entangled in civilian affairs, but rather tries to please his commanding officer. Similarly, anyone who competes as an athlete does not receive the victor’s crown except by competing according to the rules. The hardworking farmer should be the first to receive a share of the crops. Reflect on what I am saying, for the Lord will give you insight into all this. Remember Jesus Christ, raised from the dead, descended from David. This is my gospel, for which I am suffering even to the point of being chained like a criminal. But God’s word is not chained. Therefore I endure everything for the sake of the elect, that they too may obtain the salvation that is in Christ Jesus, with eternal glory. Here is a trustworthy saying: If we died with him, we will also live with him; if we endure, we will also reign with him. If we disown him, he will also disown us; if we are faithless, he remains faithful, for he cannot disown himself. Keep reminding God’s people of these things. Warn them before God against quarreling about words; it is of no value, and only ruins those who listen. Do your best to present yourself to God as one approved, a worker who does not need to be ashamed and who correctly handles the word of truth. Avoid godless chatter, because those who indulge in it will become more and more ungodly. Their teaching will spread like gangrene. Among them are Hymenaeus and Philetus, who have departed from the truth. They say that the resurrection has already taken place, and they destroy the faith of some. Nevertheless, God’s solid foundation stands firm, sealed with this inscription: “The Lord knows those who are his,” and, “Everyone who confesses the name of the Lord must turn away from wickedness.” In a large house there are articles not only of gold and silver, but also of wood and clay; some are for special purposes and some for common use. Those who cleanse themselves from the latter will be instruments for special purposes, made holy, useful to the Master and prepared to do any good work.

2 Timote 2:1-21 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Toi donc, mon enfant, puise tes forces dans la grâce qui nous est accordée dans l’union avec Jésus-Christ. Et l’enseignement que tu as reçu de moi et que de nombreux témoins ont confirmé, transmets-le à des personnes dignes de confiance qui seront capables à leur tour d’en instruire d’autres. Tel un bon soldat de Jésus-Christ, prends, comme moi, ta part de souffrances. Celui qui s’engage dans une expédition militaire ne s’embarrasse pas des affaires de la vie civile, afin de donner pleine satisfaction à l’officier qui l’a enrôlé. On n’a jamais vu un athlète remporter le prix sans avoir respecté toutes les règles. C’est au cultivateur qui travaille dur d’être le premier à jouir de la récolte. Réfléchis bien à ce que je te dis et le Seigneur te donnera de comprendre toutes ces choses. Souviens-toi de Jésus-Christ, qui est ressuscité, descendant de David, conformément à l’Evangile que j’annonce. C’est pour cet Evangile que je souffre, jusqu’à être enchaîné comme un criminel. La Parole de Dieu, elle, n’est pas enchaînée pour autant. Je supporte donc patiemment toutes ces épreuves, à cause de ceux que Dieu a choisis, pour qu’eux aussi parviennent au salut qui est en Jésus-Christ, et à la gloire éternelle qui l’accompagne. Car ces paroles sont certaines : Si nous mourons avec lui, avec lui nous revivrons, et si nous persévérons, avec lui nous régnerons. Mais si nous le renions, lui aussi nous reniera. Si nous sommes infidèles, lui, il demeure fidèle, parce qu’il ne peut se renier lui-même. C’est cela qu’il te faut rappeler sans cesse. Recommande solennellement devant Dieu d’éviter les disputes de mots : elles ne servent à rien – si ce n’est à la ruine de ceux qui les écoutent. Efforce-toi de te présenter devant Dieu en homme qui a fait ses preuves, en ouvrier qui n’a pas à rougir de son ouvrage, parce qu’il transmet correctement la Parole de vérité. Evite les discours creux et contraires à la foi. Ceux qui s’y adonnent s’éloigneront toujours plus de Dieu. La parole de ces gens est comme une gangrène qui finit par dévorer tout le corps. C’est le cas d’Hyménée et de Philète. Ils se sont écartés de la vérité en prétendant que la résurrection a déjà eu lieu. Ainsi, ils sont en train de détourner plusieurs de la foi. Cependant, le solide fondement posé par Dieu demeure ; il porte, en guise de sceau, les inscriptions suivantes : Le Seigneur connaît ceux qui lui appartiennent et « Qu’il se détourne du mal, celui qui affirme qu’il appartient au Seigneur ». Dans une grande maison, il n’y a pas seulement des vases d’or et d’argent, il y en a aussi en bois et en terre cuite. Les premiers sont réservés à un usage noble. Les autres sont destinés à un usage vil. Eh bien, si quelqu’un se garde pur de tout ce dont j’ai parlé, il sera un vase destiné à un noble usage, purifié, utile à son propriétaire, disponible pour toutes sortes d’œuvres bonnes.