2 Samyèl 22:26-51

2 Samyèl 22:26-51 HAT98

Ou menm, Senyè, ou kenbe pawòl ou ak moun ki kenbe pawòl yo, ou bon ak moun ki bon. Ou pa fè ipokrit ak moun ki pa fè ipokrit avè ou, men ou malen ak moun ki malen. Ou sove moun ki soumèt yo de-van ou. Men, ou annik gade moun ki gen lògèy yo, ou desann yo. Senyè, ou se limyè mwen. Se ou ki wete m nan fènwa kote m te ye a. Avè ou, mwen fonse sou bann lènmi m yo ki ame jouk nan dan. Avè ou, mwen eskalade miray ki sèvi yo defans. Bondye o! Tou sa ou fè bon nèt ale. Ou pa gen de pawòl. Ou pwoteje tout moun ki chache pwoteksyon anba zèl ou. Ki moun ki Bondye si se pa Senyè a? Ki moun ki defans nou si se pa Bondye nou an? Se Bondye ki pwoteje m avè fòs li. Li fè m mennen yon lavi san repwòch. Li asire pye m tankou pye kabrit, li fè m mache sou mòn yo san m pa tonbe. Li moutre m jan pou m goumen. Li ban m fòs pou m sèvi ak pi gwo banza ki genyen. Se ou menm, Senyè, ki pwoteje m. Se ou ki sove m. Si m kapab leve kanpe, se paske ou renmen m. Ou pa kite yo bare wout mwen. Mwen pa janm pèdi pye. Mwen kouri dèyè lènmi m yo, mwen bat yo. Mwen pa tounen toutan mwen pa fin kraze yo nèt. Mwen jete yo atè, m kraze yo, yo pa ka leve. Yo tonbe, mwen mete pye m sou kou yo. Ou ban m kont fòs pou m goumen. Ou fè lènmi m yo mande m padon. Ou fè yo kouri devan m. Mwen disparèt tout moun ki rayi m yo. Y'ap mande sekou, men pa gen moun ki ka sove yo. Y'ap rele Senyè a, men li pa reponn yo. Mwen kraze yo fè yo tounen pousyè. M pilonnen yo, m mache sou yo tankou sou labou nan lari. Ou delivre m anba pèp rebèl sa a. Ou fè m rete chèf pou m gouvènen tout nasyon yo tou. Pèp mwen pat konnen, se yo menm k'ap sèvi m. Moun lòt peyi yo ap achte figi m. Kou yo tande vwa m, yo obeyi m. Yo pèdi tout kouray yo. Yo sòti kote yo te kache a, y'ap tranble kou fèy bwa. Konpliman pou Senyè a! Lwanj pou moun ki pran defans mwen an! Se Bondye ki delivre m, se li menm ki pwoteje m. Ann fè konnen jan li gen pouvwa! Se Bondye ki pran revanj mwen. Se li ki mete pèp yo anba pye mwen. Ou sove m anba men lènmi m yo. Ou wete m anba men moun ki t'ap konbat mwen yo. Ou delivre m anba ansasen yo. Se poutèt sa m'a fè moun lòt nasyon yo konnen ki moun ou ye. M'a chante pou fè lwanj ou. Bondye delivre wa li a anpil fwa. Li moutre jan li pa janm sispann renmen David, moun li chwazi a, ansanm ak pitit pitit li yo pou tout tan.