Lè Senyè a te fin delivre David anba men Sayil ak anba men tout lènmi li yo, David chante chante sa a pou Senyè a. Li di konsa:
— Senyè, se ou menm ki twou wòch kote m kache a.
Se ou menm ki sèvi m ranpa.
Se ou menm ki delivre m.
Ou se Bondye mwen, se ou menm ki pwoteje m.
Se nan ou mwen mete tout konfyans mwen.
Se ou ki tout defans mwen.
Se fòs ou k'ap sove m.
Se anba zèl ou m jwenn kote pou m kache.
Se ou ki delivrans mwen.
Se ou ki delivre m anba mechan yo.
Mwen rele Senyè a,
li delivre m anba lènmi m yo.
Lwanj pou Senyè a!
Lanmò te fin vlope m,
mwen te pè lè m wè tout malè sa yo tonbe sou mwen.
Privye lanmò te tonbe sou mwen yon sèl kou.
Kote m vire, mwen wè lanmò devan m.
Nan mizè mwen te ye a mwen rele Senyè a,
Mwen mande Bondye mwen sekou.
Kote l chita lakay li a, li tande vwa mwen.
Rèl mwen rive jouk nan zòrèy li.
Lè sa a, latè pran tranble, li souke,
Fondasyon syèl la pran souke,
Yon sèl frison pran yo paske Bondye te ankòlè.
Lafimen t'ap sòti nan twou nen li.
Yon gwo flanm dife ak moso chabon tou limen t'ap sòti nan bouch li.
Li bese syèl la, li desann
ak yon gwo nyaj nwa anba pye li.
Li moute sou do yon zanj cheriben, li t'ap vole.
Yon kouran van t'ap pouse l ale.
Li te kache kò l nan fènwa.
Yon gwo nyaj pwès plen dlo te vlope l toupatou.
Anpil chabon dife tou limen
t'ap sòti nan gwo limyè ki t'ap klere devan li an.
Senyè a pran gwonde nan syèl la.
Bondye ki anwo nan syèl la fè tout moun tande vwa li.
Li voye flèch li yo, li gaye tout lènmi m yo,
li fè yo tout kouri ak kout zeklè.
Lè ou ankòlè, Senyè, van soti ak fòs nan twou nen ou.
Lè konsa, moun wè fon lanmè a,
Fondasyon latè parèt aklè.
Senyè a rete nan syèl la, li lonje men l, li pran m.
Li rale m sòti nan mitan gwo dlo yo.
Li delivre m anba gwo lènmi m yo,
anba tout moun sa yo ki te rayi m,
epi ki te pi fò pase m.
Lè m te nan tray, yo pwofite atake m.
Men, Senyè a te kenbe m.
Li wete m nan move pa a.
Li delivre m paske li renmen m.
Senyè a ban m sa m merite,
paske li wè m mache dwat devan li.
Li ban m benediksyon paske li wè mwen inonsan.
Mwen te obeyi lalwa Senyè a,
mwen pa janm vire do bay Bondye.
Mwen fè tou sa ki nan lalwa li,
mwen pa janm dezobeyi kòmandman li yo.
Li konnen mwen pa antò.
Mwen kenbe kò m pou m pa fè sa ki mal.
Se konsa li ban m sa m merite,
paske mwen mache dwat devan li,
paske li wè mwen inonsan.