2 Samyèl 20:1-13

2 Samyèl 20:1-13 HAT98

Nan Gilgal, te gen yon nonm yo rele Cheba, pitit Bikri, branch fanmi Benjamen. Se te yon movesije. Li manche twonpèt li, li rele pèp la, epi li di yo byen fò: — Nou pa gen anyen pou nou wè ak David! Nou pa bezwen anyen nan zafè pitit Izayi a! Ann al lakay nou, nou menm, moun peyi Izrayèl yo! Se konsa moun peyi Izrayèl yo vire do bay David pou yo swiv Cheba, pitit Bikri a. Men, moun peyi Jida yo rete ak David. Yo swiv li depi larivyè Jouden rive lavil Jerizalèm. Lè David rive nan palè li Jerizalèm, li pran dis mètrès li te kite pou okipe palè a, li fèmen yo nan yon kay apa ak moun pou siveye yo. Li ba yo tou sa yo bezwen. Men li pa janm kouche ak yo yonn ankò. Yo rete fèmen la tout rès lavi yo tankou fanm vèv. Apre sa, wa a pale ak Amasa, li di l konsa: — M ba ou twa jou pou ou sanble tout mesye Jida yo. Apre sa, w'a vin ak yo devan m. Amasa pati al avèti mesye Jida yo. Men, li pa tounen dat wa a te ba li pou l te tounen an. Wa a rele Abichayi, li di l konsa: — Cheba pral ban nou plis traka pase Absalon. Pran kòmandman lame mwen an. Pati dèyè l anvan li gentan jwenn yon lavil ak gwo ranpa pou l chape anba men nou. Se konsa sòlda Joab yo, keretyen yo ak peletyen yo ak tout lòt vanyan sòlda ki te nan lame wa a kite lavil Jerizalèm ak Abichayi, yo pati dèyè Cheba. Lè yo rive bò gwo wòch ki nan lavil Gibeyon an, Amasa vin kontre ak yo. Joab te gen rad batay li sou li ak yon nepe nan djenn li mare nan ren l. Joab vanse devan l. Nepe a sòti nan djenn lan, li tonbe atè. Joab di Amasa: — Ban m nouvèl ou non, zanmi. Epi li kenbe l nan bab ak men dwat li pou l bo li. Amasa menm pa fè atansyon lòt nepe Joab te kenbe nan men gòch li a. Joab djage l nan vant. Tout trip li sòti deyò. Li mouri la menm. Konsa, Joab pat bezwen ba li yon dezyèm kou. Apre sa, Joab ak Abichayi, frè l la, pati dèyè Cheba. Yonn nan sòlda Joab yo te kanpe bò kadav Amasa a. Li pran rele byen fò: — Tout moun ki pou Joab ak David, se pou yo swiv Joab! Men, kadav Amasa a, tou plen san, te blayi nan mitan wout la. Lè sòlda Joab la wè chak fwa yon moun rive devan kadav la li rete, li pran kadav Amasa a, li trennen l nan yon jaden sou kote wout la, li voye yon rad sou li. Lè li wete kadav la nan mitan wout la, tout lame a pase, yo pati ak Joab dèyè Cheba, pitit Bikri a.