2 Samyèl 15:1-22

2 Samyèl 15:1-22 HAT98

Apre sa, Absalon achte yon cha lagè ak tout chwal pou tèt pa li. Li pran senkant gason pou mache avèk li. Chak maten, Absalon leve byen bonè, l'al kanpe sou wout la bò pòtay lavil la. Chak fwa yon moun vini ak yon pwoblèm li ta renmen wa a regle pou li, Absalon rele l sou kote, li mande l ki bò li moun. Apre moun lan fin di l moun ki branch fanmi li ye, Absalon di l konsa: — Gade! Se ou menm ki gen rezon, lalwa avè ou. Men, p'ap gen yon moun kay wa a k'ap koute ou. Apre sa, li di ankò: — Ki moun ki va mete m chèf nan peyi Izrayèl la? Lè sa a, tout moun ki ta gen yon zafè osinon yon plent ta vin jwenn mwen, mwen ta fè l jistis. Chak fwa yon moun pwoche bò Absalon pou mete ajenou devan l, Absalon lonje men l, li kenbe l epi li bo l. Se konsa Absalon te fè ak tout moun peyi Izrayèl ki te vin bò kote wa a pou chache jistis. Se konsa li fè yo vin renmen l. Apre katran, Absalon di wa David konsa: — Monwa, tanpri! Kite m ale lavil Ebwon pou m ka kenbe yon pwomès mwen te fè Senyè a. Antan mwen te lavil Gechou nan peyi Siri, mwen te pwomèt Senyè a si m te tounen lavil Jerizalèm, mwen ta fè yon sèvis pou li Ebwon. Wa a di l: — Ale ak kè poze. Se konsa Absalon ale lavil Ebwon. Menm lè a, li voye mesaje ansekrè nan tout branch fanmi Izrayèl la pou di yo: Lè n'a tande twonpèt yo sonnen, n'a konnen yo fè Absalon wa lavil Ebwon. Te gen desan (200) moun lavil Jerizalèm ki te pati avèk Absalon. Se Absalon ki te envite yo. Yo te byen kontan pati avè l, men yo pat konn anyen nan zafè konplo a. Antan Absalon t'ap ofri bèt pou Senyè a, li voye lavil Gilo al chache Achitofèl ki te yonn nan konseye David yo. Konplo a t'ap pran fòs. Patizan Absalon yo t'ap vin pi plis. Yon mesaje vin di David: — Moun peyi Izrayèl yo ap mache avèk Absalon, yo dakò avè l. Se konsa David rele moun pa l yo ki te avè l lavil Jerizalèm, li di yo: — Se pou n prese mete deyò si nou vle chape anba men Absalon. Ann fè vit kite lavil la. Si se pa sa, talè l'ap sou nou. L'ap fè nou pase pa nou, l'ap touye dènye moun nan lavil la. Patizan wa yo reponn: — Wi, monwa. Nenpòt kisa ou vle nou fè, n'ap fè l. Wa a pran tout fanmi li, li pati apye. Li kite dis nan fanm deyò li yo pou okipe palè a. Wa a leve pati kite lavil la ansanm ak tout moun pa l yo. Lè yo rive devan dènye kay la, yo fè yon kanpe. Tout chèf li yo te kanpe bò kote l. Yo kite tout gad pèsonèl wa a, ki vle di sòlda keretyen yo ak sòlda peletyen yo pase devan. Te gen sisan (600) sòlda moun lavil Gat ki te kite peyi yo vin jwenn David lavil Jerizalèm. Yo vin ap pase devan li tou. Wa a rele Itayi, chèf moun lavil Gat yo, li di l konsa: — Poukisa ou prale ak nou tou? Tounen non, monchè. Rete ak lòt wa a. Ou pa moun peyi a. Se kouri ou kouri vin kache isit la. Ou pa gen lontan depi ou rive. Poukisa jòdi a pou m fè ou ap mache nan bwa tankou vakabon ansanm avèk nou? Mwen pa menm konnen kote mwen prale. Tounen tounen ou ansanm ak tout moun menm peyi avè ou yo. Mwen mande Senyè a pou l aji byen avè ou, pou l pa janm lage ou! Men Itayi reponn li: — Monwa, mwen sèmante devan Senyè a ak devan ou, se ou menm m'ap sèvi. Kote ou fè, m'a prale avè ou, menm si mwen gen pou m'mouri. Lè sa a, David di li: — Bon. Ou mèt pran devan nou. Se konsa Itayi, moun lavil Gat la, ale avèk wa a, li menm, tout moun li yo ansanm ak tout fanmi yo.