Apre li te fin kraze moun Amalèk yo, David tounen lavil Ziklag. Lè sa a Sayil te deja mouri. David menm te lavil Ziklag depi de jou. Sou twazyèm jou a, yon nonm rive soti nan kan Sayil la. Rad sou li te chire, li te benyen tèt li ak pousyè tèlman li te nan gwo lapenn. Lè li rive bò kote David, li bese tèt li byen ba salye li, li lage kò li atè. David mande li kote li soti.
Nonm lan reponn li:
— Mwen chape soti nan kan Izrayèl la.
David di li:
— Di mwen sa ki pase non.
Nonm lan reponn:
— Pèp Izrayèl la kouri pandan batay la marye. Anpil sòlda mouri. Sayil ak Jonatan, pitit gason li a, yo mouri tou.
David mande nonm ki te pote nouvèl la:
— Ki jan ou fè konnen Sayil ak Jonatan, pitit li a, mouri?
Nonm lan reponn:
— Mwen t'ap pase konsa sou mòn Gilboa a lè mwen wè Sayil apiye sou frenn li pou l pa tonbe atè. Cha lagè lènmi yo ak kavalye yo te prèt pou rive sou li. Lè sa a, li voye je l gade, li wè m, epi li rele m vini. Mwen reponn li: Men mwen, monwa. Li mande m kimoun mwen ye. Mwen reponn li se yon moun Amalèk mwen ye. Lè sa a, li mande m pou m pwoche bò kote l pou m touye l, paske li te santi tèt li ap vire, atout li te gen tout konesans li sou li. Se konsa, mwen pwoche bò kote l, mwen touye l paske mwen te konnen tonbe li te tonbe li t'ap toujou mouri. Apre sa, mwen pran kouwòn ki te sou tèt li ak brasle ki te nan ponyèt li, mwen pote yo ba ou, mèt.
Lapenn fè David chire rad sou li. Tout moun ki te la ak li yo fè menm bagay la tou. Yo kriye, yo pran gwo lapenn pou Sayil, pou Jonatan, pitit li a, pou lame Senyè a ak pou pèp Izrayèl la, paske te gen anpil ladan yo ki te mouri nan lagè a. Yo rete san manje jouk aswè. Apre sa, David mande jenn gason ki te pote nouvèl la:
— Ki moun ou ye?
Jenn gason an reponn:
— Mwen se pitit yonn nan moun Amalèk ki vin rete nan peyi a.
David di li konsa:
— Bon! Kijan ou fè pa tranble leve men ou touye wa Bondye chwazi a?
David rele yonn nan moun li yo. Li di l konsa:
— Vini non! Touye mesye.
Nonm lan bay moun Amalèk la yon sèl kou, li touye l frèt. David menm te di moun Amalèk la:
— Se ou menm ki reskonsab sa ki rive ou la a. Se ou menm ki kondannen tèt ou lè ou di ak bouch ou se ou menm ki touye wa Bondye te chwazi a.
David pran chante pou plenn lanmò Sayil ak Jonatan, pitit Sayil la. Li bay lòd pou yo moutre chante a bay tout moun Jida yo. Se chante banza yo. Yo jwenn li ekri nan Liv Moun ki mache dwat la.
O Izrayèl, tout gwo chèf ou yo mouri sou mòn yo.
Yo desann tout vanyan sòlda ou yo.
Pa kite nouvèl la rive nan lavil Gad.
Pa gaye nouvèl la nan lavil Askalon,
pou medam peyi Filisti yo pa fè fèt,
pou pitit fi moun sa yo ki pa sèvi Bondye pèp Izrayèl la pa leve danse.
Nou menm mòn Giboa yo,
se pou nou rete san yon grenn lapli, san yon degout lawouze.
Piga jaden janm pouse sou flan mòn nou yo!
Paske se la yo trennen nan labou plak fè pwotèj sòlda yo,
plak fè pwotèj wa Sayil la ki p'ap janm fwote ak lwil ankò.
Jonatan pat janm fè bak toutotan li pa tranpe flèch li yo nan san lènmi l yo.
Sayil pat janm tounen toutotan li pat plonje nepe l nan vant vanyan sòlda lènmi l yo.
Sayil ak Jonatan, yonn te renmen lòt!
Toujou ansanm nan lavi,
ansanm ansanm tou nan lanmò!
Pi veyatif pase malfini,
pi vanyan pase lyon.
Medam Izrayèl yo, rele pou Sayil!
Li te konn ban nou bèl rad koulè vyolèt, Bagay ki koute chè,
ak bèl bijou lò, pou mete sou nou.
Vanyan sòlda yo mouri nan lagè!
Jonatan mouri, Li blayi atè a sou ti mòn yo!
Mwen gen gwo lapenn pou ou, Jonatan, frè mwen.
Jan mwen te renmen ou sa a!
Jan ou menm ou te renmen m, se pa pale.
Zanmitay sa a te pi bon pou mwen lontan
pase renmen okenn fanm ta ka gen pou mwen!
Vanyan sòlda yo mouri!
Tout zam lagè yo pa vo anyen kounyeya!