Bò pòtay lavil Samari a, te gen kat gason ki te gen move maladi po. Yonn di lòt konsa:
— Poukisa pou n rete isit la ap tann lanmò? Si nou di n'ap antre lavil la, avèk grangou ki gen la a, n'ap mouri. Si nou di n'ap rete isit la, n'ap mouri tou. Pito n'al pran yon chans nan kan lame Siri a. Si yo fè pa nou, n'a viv. Men, si yo touye nou, n'a tou mouri mouri nou.
Se konsa, solèy te fenk kouche lè mesye yo leve, yo pati pou kan lame Siri a. Lè yo rive toupre kan an, yo pa wè pèsonn. Senyè a te fè sòlda lame Siri yo tande yon bann bri, ou ta di yon pakèt cha lagè, kavalye sou chwal ak yon gwo lame k'ap mache vini sou yo. Tout sòlda peyi Siri yo te konprann se wa peyi Izrayèl la ki te pran kontak ak wa peyi Et la ansanm ak wa peyi Lejip la pou vin atake yo. Se konsa, solèy te fenk kouche jou sa a lè yo leve yo kouri met deyò. Yo kite tant yo, chwal yo, bourik yo. Yo chape kò yo kite kan an jan l te ye a.
Lè kat mesye yo rive nan kan an, yo antre nan yon premye tant, yo manje, yo bwè. Yo pase men yo pran lò, ajan, rad yo jwenn, yo sòti al sere yo. Lèfini, yo tounen, yo antre nan yon dezyèm tant, yo fè menm bagay la. Men lè sa a, yonn di lòt konsa:
— Sa n'ap fè a pa bon non! Nou gen bòn nouvèl konsa, nou pa ka kenbe l pou nou ase. Si nou tann denmen maten pou n'al di moun yo sa, ou mèt sèten y'ap ban nou tò. Pito n'ale kounyeya. Ann al bay nouvèl la kay wa a!