2 Korent 9

9
Ofrann pou ede frè Jide yo
1Mwen pa wè rezon pou m voye di nou anyen #2 Kor 8.4,20 sou kèsyon sekou n'ap voye bay manm pèp Bondye ki nan peyi Jide a. 2Mwen konnen jan nou vle ede, mwen pat manke kontan pale byen pou nou ak moun Masedouàn yo lè m te di yo: Depi lanne pase anwo, frè ki nan peyi Lakayi yo pare pou ede. Se konsa lanpresman nou pou bay te eksite anpil ladan yo bay tou. 3Malgre sa, m'ap voye frè sa yo bò kote nou pou bèl pawòl mwen te di pou nou sou zafè sekou sa a pa pase pou manti. Mwen ta renmen wè nou pare vre, jan mwen te di l la. 4Ala wont mwen ta wont si, pou lè moun peyi Masedouàn yo ta vin ansanm avè m, yo ta jwenn nou pa pare! Jan m te konte sou nou sa! Mwen pa bezwen pale jan nou menm tou nou ta wont! 5Se sa k fè, mwen kwè se te nesesè pou m te mande frè sa yo pou y'al lakay nou anvan mwen, pou nou ka pare kado nou te pwomèt nou t'ap bay la. Konsa, lè m'a rive mwen menm, kado a va tou pare. Lè sa a, moun yo va wè nou bay paske nou vle, pa paske yo fòse nou.
6Chonje #Pwo 11.24; 19.17 sa byen: Moun ki simen ti kras va rekòlte ti kras. Moun ki simen anpil va rekòlte anpil. 7Se #Wòm 12.8; 1 Kwo 29.17 pou chak moun bay jan yo te deside nan kè yo, san yo pa regrèt anyen, san moun pa bezwen fòse yo, paske Bondye renmen moun ki bay ak kè kontan. 8Bondye menm gen pouvwa pou l ban nou tout kalite benediksyon an kantite. Li fè sa, pa sèlman pou nou ka toujou genyen tou sa nou bezwen, men pou nou ka gen rès ki rete pou n fè tout kalite bon zèv. 9Se #Sòm 112.9 sa menm ki ekri nan Liv la:
Li bay moun ki nan nesesite yo san gad dèyè.
L'ap toujou gen kè nan men.
10Bondye #Eza 55.10; Oze 10.12 ki bay moun k'ap simen an grenn pou l simen ak pen pou l manje, l'a ban nou tou sa nou bezwen pou simen. L'a fè l pouse pou nou, pou nou ka fè yon bèl rekòt lè nou bay an kantite konsa. 11Bondye #2 Kor 1.11; 4.15 ap toujou fè nou rich ase pou nou ka toujou bay ak tout kè nou. Konsa, anpil moun va di Bondye mèsi pou kado n'a ban mwen pou yo. 12Se #2 Kor 8.14 pou nou konn sa byen: sèvis n'ap rann lè nou bay lajan sa a, se pa sèlman pou bay moun pèp Bondye sa yo bezwen. Men, akòz sèvis sa a, anpil moun pral lapriyè Bondye pou di l mèsi. 13Sèvis sa a ap fè yo wè ki kalite moun nou ye. Yo pral fè lwanj Bondye, paske sekou sa a pral fè yo wè jan nou soumèt, jan nou kwè nan bòn nouvèl ki pale sou Kris la. Y'a fè lwanj Bondye tou pou jan nou separe byen nou yo ak yo ansanm ak tout lòt yo. 14Y'a lapriyè pou nou, y'a renmen nou anpil akòz gwo favè sa a Bondye fè pou nou. 15Ann di Bondye mèsi pou gwo kado sa a li ban nou, yon kado ki pa gen parèy li!

Chwazi Kounye ya:

2 Korent 9: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an