Lè sa a, Salomon di konsa:
— Senyè, ou di ou pito viv kote ki fè nwa.
Kounyeya, mwen bati yon tanp pou ou ka rete,
yon kay kote ou pral viv pou tout tan.
Lèfini, wa a vire, li bay pèp Izrayèl la fas. Tout pèp la te kanpe. Li mande benediksyon Bondye pou pèp la, li di:
— Lwanj pou Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la! Avèk fòs kouray li, li kenbe pwomès li te fè David, papa m lan, lè li te di l konsa: Depi jou mwen te fè pèp mwen an sòti kite peyi Lejip, mwen pa janm chwazi yon lavil nan tout peyi pèp Izrayèl la pou yo bati yon tanp ladan l pou mwen rete, ni mwen pat chwazi pèsonn pou gouvènen pèp mwen an, pèp Izrayèl la. Men kounyeya, mwen chwazi lavil Jerizalèm pou se la yo fè sèvis pou mwen, lèfini mwen chwazi David pou li gouvènen pèp mwen an. David, papa m, te fè lide bati yon tanp pou Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, Men, Senyè a te di l: Ou byen fèt gen lide bati yon kay pou mwen. Men, se pa ou ki va bati l. Se pwòp pitit gason w'ap fè a ki va bati tanp lan pou mwen. Kounyeya, Senyè a kenbe pwomès li. Jan li te di l la, se mwen menm ki nan plas David, papa m. Mwen chita sou fòtèy wa Izrayèl la. Mwen bati yon tanp pou Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la. Lèfini, mwen fè yon plas ladan l pou Bwat Kontra Senyè a, kontra li te pase ak moun pèp Izrayèl yo.