Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

2 Kwonik 1:7-12

2 Kwonik 1:7-12 HAT98

Jou lannwit sa a, Bondye parèt devan Salomon, li di l konsa: — Mande m sa ou vle, m'ap ba ou li. Salomon reponn li: — Ou te toujou moutre jan ou te renmen David, papa m, sèvitè ou la, anpil. Kounyeya, se mwen menm ou mete nan plas li pou gouvènen. O Senyè, Bondye, kenbe pwomès ou te fè papa m lan! Ou mete m wa pou m gouvènen yon pèp ki gen anpil anpil moun ladan l. Yo pi plis pase grenn pousyè tè. Se poutèt sa, ban mwen konesans ak bon konprann pou m ka gouvènen pèp sa a. Si se pa sa, mwen pa wè ki jan m'a fè pou m gouvènen pèp ou a ak tout moun sa yo ladan l. Bondye reponn Salomon: — Depi se sa ou wè ou ta renmen genyen! Ou pa mande m ni richès, ni byen, ni lwanj pou ou. Ou pa mande m lanmò pou lènmi ou yo, ni ou pa mande m pou ou sa viv lontan. Ou annik mande m konesans ak bon konprann pou ou ka kondi pèp mwen an, pèp mwen mete ou gouvènen an. Men anplis sa, m'ap ba ou richès, byen ak lwanj pase tout wa ki te la anvan ou, pase tout wa k'ap vin apre ou.

Li 2 Kwonik 1

Koute 2 Kwonik 1

Telechaje Ap Bib la kounyaBible AppTelechaje Aplikasyon Bib pou timoun yoBible App for Kids

Konpare tout Vèsyon yo: 2 Kwonik 1:7-12

waves

Pran aplikasyon Bib YouVersion la

Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!

Telechaje App laTelechaje App la
Telechaje App la
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo