Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

1 Samyèl 27:1-7

1 Samyèl 27:1-7 HAT98

David di nan kè l: — Yon jou konsa Sayil ap touye m. L'a pi bon pou mwen si m sove al kache nan peyi Filisti a. Konsa, Sayil va sispann mache chache m nan tout peyi pèp Izrayèl la. P'ap gen danje pou mwen ankò. David leve ansanm ak sisan (600) moun pa l yo, y'ale kay Akich, pitit gason Maòk la, ki te wa lavil Gat. David ak mesye l yo rete ak Akich lavil Gat ak tout fanmi yo. David te gen de madanm ak li: Akinoam, yon fanm lavil Jizreyèl ak Abigayèl, madanm defen Nabal, moun lavil Kamèl. Lè Sayil vin tande David te kouri al kache lavil Gat, li sispann mache chache l pou mete men sou li. David di Akich konsa: — Si ou se zanmi m vre, ban m yon ti plas nan yonn nan bouk andeyò yo pou m rete. Pa gen rezon, monwa, pou m rete viv ansanm avè ou nan kapital la. Se konsa, jou sa a, Akich ba li lavil Ziklag. Se poutèt sa, depi jou sa a, lavil Ziklag toujou rete pou wa peyi Jida yo. David pase ennan kat mwa ap viv nan peyi moun Filisti yo.

Li 1 Samyèl 27

Koute 1 Samyèl 27

Telechaje Ap Bib la kounyaBible AppTelechaje Aplikasyon Bib pou timoun yoBible App for Kids

Konpare tout Vèsyon yo: 1 Samyèl 27:1-7

waves

Pran aplikasyon Bib YouVersion la

Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!

Telechaje App laTelechaje App la
Telechaje App la
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo